Nouvo politik prezidan Joe Biden sou zafè imigrasyon an ap pèmèt jiska 30 mil moun antre Etazini chak mwa ak dokiman legal nan men yo. Nan kad program sa, yon moun ki vle aplike dwe genyen yon sipòtè nan peyi Etazini. Daprè Sèvis Sitwayènte ak Imigrasyon Etazini (USCIS), dekouvri nan atik sa kiyès ki ka yon sipòtè e ki demach li dwe suiv

USCIS fè konnen, sipòtè ki Ozetazini pral fè yon demand sou entènèt gratis nan non yon benefisyè pandan y ap soumèt yon fòmilè I-134A bay USCIS pou chak benefisyè. Esponsò sa yo ka moun ki ranpli pou kont yo, oubyen ki ranpli ak lòt moun, oswa ki depoze demand sou non òganizasyon ak lòt antite.

Li enpòtan pou w konnen, ni moun ki se benefisyè a, ni moun ki se esponnsò a p ap gen pou peye okenn lajan pandan y ap depoze fòmilè I-134A la. 

Daprè otorite ameriken yo, pou aji kòm yon sipòtè, yon moun oswa yon moun ki reprezante yon antite ou dwe: swa yon sitwayen ameriken, swa yon nasyonal oswa yon rezidan pèmanan legal; oubyen ou dwe genyen estati legal Ozetazini tankou Estati Pwoteje Tanporè (TPS) oswa azil; oubyen tou ou kapab sou libète pwovizwa oswa sou aksyon difere oswa depa fòse difere. Apre sa ou dwe pase verifikasyon sekirite ak antesedan, ki gen ladan sekirite piblik, sekirite nasyonal, trafik moun ak eksplwatasyon pwoblèm; epi demontre ou gen ase resous finansye pou resevwa, kenbe ak sipòte moun yo dakò pou sipòte yo.

Kèk egzanp sou kalite sipò esponsò a ka bay moun k ap benefisye pwogram nan:

Daprè Sèvis Sitwayènte ak Imigrasyon Etazini an, sipòtè a dwe akeyi benefisyè a lè li rive nan peyi a epi mennen li nan yon kay ; veye pou benefisyè a genyen kote ki an sekirite epi apwopriye pou l rete pandan tan liberasyon kondisyonèl la ak ranpli bezwen de baz yo; si sa nesesè, ede benefisyè a ranpli dokiman nesesè tankou otorizasyon pou travay, kat sekirite sosyal ak sèvis li ka gen dwa; veye pou swen sante ak bezwen medikal benefisyè a satisfè; epi si sa nesesè, ede li jwenn edikasyon, aprann anglè, ede pitit li ale lekòl.

USCIS kontinye pou l di, sipòtè yo dwe mete non benefisyè a sou Fòm I-134A. Sipòtè yo pa kapab ranpli yon Fòm I-134A sou non yon benefisyè ki pa idantifye. Yon moun k ap bay swen ka dakò pou sipòte plis pase yon benefisyè, tankou pou diferan manm yon gwoup fanmi, men li dwe ranpli yon Fòm I-134A separe pou chak benefisyè.

Men 6 etap enpòtan w ap suiv nan pwogram “Humanitarian Parole” la

Depi gouvènman ameriken an fin n anonse l ap pèmèt jiska 30 000 migran ki soti Ayiti, Kiba, Venezyela ak Nikaragwa antre Ozetazini an, anpil moun ap chache aplike. Nan atik sa, nou prezante ou 6 etap sipòtè ak benefisyè yo dwe suiv nan pwosesis la, daprè Sèvis Sitwayènte ak Imigrasyon Etazini (USCIS).

Etap 1

Yon sipòtè ki Ozetazini pral soumèt yon Fòm I-134A, sou entènèt kote l ap fè yon Deklarasyon Sipò Finansye atravè pòtay entènèt myUSCIS pou kòmanse pwosesis la.

Fòm I-134A ap idantifye epi kolekte enfòmasyon sou sipòtè a ak benefisyè a. Sipòtè a dwe soumèt yon Fòm I-134A apa pou chak benefisyè li vle ede.

Lè sa a, USCIS pral egzamine sipòtè a pou asire li kapab sipòte finansyèman moun li vle sipòte a epi pwoteje li kont eksplwatasyon ak abi. Ajan USCIS, nan diskresyon yo, pral verifye epi konfime sipòtè yo anvan yo avanse nan pwosesis la.

Etap 2

Si USCIS konfime yon sipòtè, benefisyè ki nan lis la ap resevwa yon imèl nan men USCIS ak enstriksyon sou fason pou li kreye yon kont USCIS sou entènèt ak lòt etap k ap vini yo. Benefisyè a dwe konfime enfòmasyon sou tèt li yo nan myUSCIS epi sètifye li satisfè de kondisyon kalifikasyon yo.

Etap 3

Aprè yo fi n konfime enfòmasyon li yo nan kont li sou entènèt la epi li fi n ranpli atestasyon kalifikasyon obligatwa yo, benefisyè a pral resevwa enstriksyon atravè myUSCIS sou fason pou li jwenn aksè nan aplikasyon mobil CBP One nan. Benefisyè a dwe antre enfòmasyon li yo nan CBP One epi bay yon foto.

Etap 4

Aprè li fi n ranpli etap 3, benefisyè a pral resevwa yon avi sou kont li sou entènèt li a ki konfime si CBP pral ba li otorizasyon davans pou li vwayaje Ozetazini. Si li apwouve, otorizasyon sa a valab pou 90 jou.

Etap 5

Lè yon benefisyè rive nan yon pò antre, CBP pral enspekte li epi konsidere li pou yon sibvansyon libète kondisyonèl. Nan kad enspeksyon, y ap kontwole benefisyè a, pran anprent li.

Yon moun ki pral reprezante yon menas pou sekirite nasyonal oswa sekirite piblik, yo pral trete li daprè yon pwosesis ki la pou sa epi yo ka voye li bay Imigrasyon ak ranfòsman Ladwàn Etazini (ICE).

Etap 6

Anjeneral, moun ki bon nan pwogram « Humanitarian parole» la pral Ozetazini pou yon peryòd jiska 2 lane, dapre kondisyon sante ak egzijans ki aplikab yo, epi yo pral elijib pou aplike pou otorizasyon travay dapre règleman ki egziste deja.

Moun ki jwenn liberasyon kondisyonèl la ka mande otorizasyon travay nan men USCIS lè yo ranpli yon Fòm I-765, Aplikasyon pou Otorizasyon Travay, swa sou Entènèt oswa pa lapòs.

Kredi: Justin Gilles, loop Haiti

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon ajans an liy ki bay nouvèl nan tout rakwen peyi Dayiti ak rès Mond lan. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841