Lapolis Nasyonal d’Ayiti anonse yo arete 3 bandi baz Gran Grif Savien ak yon bandi ki soti nan baz Vitelhomme nan ba latibonit 2 Janvye 2023 a.

Senel Dorisca ak frè l Lissage Dorisca jwenn arestasyon yo nan vil Senmak aprè yon tantativ kidnapin n popilasyon an te devye nan zòn “Jean Denis” sou yon machin ki t ap pran direksyon Sen Michèl selon sa sèvis kominikasyon PNH la rapòte.

Florestal Riguenson, alias izi, jwenn arestasyon l nan Ti Rivyè Latibonit ak yon zam ilegal aprè sèvis ransèyman nan Senmak te fin idantifye bandi a kòm yon manm baz Gran Grif ki nan Savien.

Carly Dousse, jwenn arestasyon l nan vil Senmak apre sèvis ransèyman Depatmantal Latibonit ki deplwaye Senmak te idantifye l kòm manm gang Vitelhomme k ap pwofite ransone moun pandan pasaj li nan ba latibonit pou peryòd fèt la.

4 bandi sa yo deja ap reponn kesyon SDPJ nan Senmak.

Direksyon Depatmantal Polis la pwofite okazyon sa pou swete tout popilasyon Latibonit la yon lane tèt ansanm, lapè, respè vi ak byen moun.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841