Prezidan Federasyon Entènasyonal Foutbòl Asosiyasyon (FIFA) mesye Gianni Infantino, te prezan nan peyi Brezil nan lide pou rann omaj ak Pelé. Patwon pi gwo enstans k ap dirije foutbòl la mande chak peyi nan mond lan rebay youn nan estad li yo pote non Pelé, pou rann li yon omaj mondyal.

Kèk jou aprè lanmò Pelé, prezidan FIFA a te rann li nan peyi Brezil, pou asiste ak omaj nan memwa wa Pelé a, rive nan estad ekip Santos la (Ekip Pele te konnen pi bon jou l yo kòm foutbolè), Gianni Infantino te pran lapawòl e di: « Nou pral mande pou tout peyi nan mond lan re-bay youn nan estad yo genyen yo pote non Pele ».

Yon konsiderasyon ki ta ka ede n mye sène sans ilojik pozisyon prezidan FIFA pati konsa : Pele te jwe yon sèl match nan peyi Lafrans nan mwa avril 1963 (Kolonb), fas ekip Frans lan. Nimewo 10 Brezil la te make 3 gòl ki te pèmèt ekip li genyen 3-2. Èske sa ta sifi pou bay Yves-du-Manoir pote non estad Pele jodi a?

Anpil lòt kesyon k ap poze ak deba k ap fèt sou divès platfòm toutotou de sijè a, toujou kesyone : Èske mande yon estad nan chak peyi ki pote non Pelé se yon senp lide ? Ou byen èske se yon pwojè FIFA ap kapab rive reyalize ?

Choumy Denizard, Centre à la UNE.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841