Pou yon 3èm fwa, Lula pran tèt prezidans lan nan peyi Brezil

Se ofisyèl, a 77 lane Lula vini Prezidan peyi Brezil pou yon 3èm fwa anba Pati Travayè yo (PT), aprè li fin prete sèman devan Kongrè a 1e janvye 2023 a. Li ranplase ekstrèm-dwat Jair Bolsonaro, ki te kite peyi a 2 jou anvan fen manda li a. An prezans 17 lòt chèf Leta ak plis pase yon senkantèn envite de wo ran, Lula vini 39èm Prezidan peyi Brezil.

Plizyè dizèn milye patizan ak senpatizan Lula abiye an wouj te anvayi sant Brazilya, kapital peyi a, dimanch 1e janvye a vè midi, kèk èdtan anvan lidè istorik lagoch la te prete sèman kòm prezidan Brezil pou yon 3èm fwa.

Seremoni envestiti a te kòmanse ak yon minit silans nan omaj lejand foutbòl brezilyen an, Pelé ak Pap Emeritus Benedict XVI. Aprè sa, se te im nasyonal brezilyen an ki te sonnen nan sikonstans lan. Prezidan brezilyen an te siyen yon gwo liv ki la pou tout prezidan k ap pran fonksyon yo.

Pou yon 3èm fwa, Luiz Inacio Lula da Silva prete sèman kòm prezidan peyi Brezil ki gen anviwon 215 000 000 abitan, 12 lane aprè li te kite pouvwa a ant 2003 e 2010. Nan diskou li a, Lula te kritike anpil manda ansyen prezidan Jair Bolsonaro, san li pa janm site non li. Nouvo Prezidan an te konsantre diskou li a sou dwa, jistis sosyal, ekonomi ak libète…

Anba yon flanm solèy, plizyè milye patizan ak senpatizan Brezilyen t ap kriye: «Olé, olé, olà, Lula, Lula» ak “A esplanada é nossa», pou montre kè kontan yo nan kè kapital peyi a Brazilya, kote Lula te bay premye diskou li kòm prezidan peyi a pou yon 3èm fwa. A plizyè mèt, kantite 30 000 moun ki te ka asiste diskou Lula te deyò Palè Planalto a.

Tout fòs polis nan distri Brasilia, anviwon 8 000 ajan te mobilize, ansanm ak yon milye polis federal kote patwouy ap fèt nan ayewopò Brasilia a, paske 24 Desanm 2022 a, fòs lòd yo te jwenn yon aparèy eksplozif yon patizan Bolsonaro te depoze nan yon kamyon-sitèn, tou pre ayewopò Brazilya a, nan sousi pou kreye dezòd nan peyi a kont enstalasyon Lula a.

Redui prèske an silans depi aprè defèt li a nan mwa oktòb pase a, Jair Bolsonaro, ki pèdi iminite prezidansyèl la, kite Brezil Vandredi 30 desanm 2022 a pou Florid, Etazini, pandan patizan ki pi radikal li yo vle anpeche moute Lula a sou pouvwa a, toujou kanpe deyò kazèn peyi a, pou mande entèvansyon militè. Sa ki koz tou sekirite a te oblije vini pi sere.

Pou anpil Brezilyen ak jounal k ap kòmante, retou prezidan Lula nan tèt peyi Brezil aprè 12 lane, se yon vrè tranzisyon ki pral pote yon lòt fòm demokrasi nan peyi a. Yon peyi Jair te sekwe nan tout manm li, kote menm Amazoni an ki se youn nan pi gwo richès peyi a, pat epanye anba politik newo-liberal ansyen prezidan ekstrèm-dwat Brezil la, Jair Bolsonaro.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon ajans an liy ki bay nouvèl nan tout rakwen peyi Dayiti ak rès Mond lan. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841