3 lane aprè, opozisyon venezyelyèn nan pa rekonèt prezidans Juan Guaido a

Opozisyon peyi Venezuela a mete fen 30 desanm 2022 a ak gouvènman Juan Guaido a, ki te deklare tèt li prezidan peyi a depi janvye 2019, nan sousi pou dechouke prezidan Nicolas Maduro, aprè eleksyon prezidansyèl 2018 yo. Yon bon pati nan kominote entènasyonal la te sipòte Guaido.

Re-eli kòm prezidan nan tèt peyi Venezyela pou yon 2èm fwa nan dat 20 me 2018 avèk 67.8% vòt yo, Nicolas Maduro ta pral kòmanse fè fas ak yon pati nan pati opozisyon yo, ki mande bòykote nouvo prezidan an, pandan yo te denonse kondisyon òganizasyon nan bilten vòt yo te fèt la.

Nan dat ki te 23 janvye 2019 la, Juan Guaido te pwoklame tèt li prezidan an fonksyon nan peyi Venezyela, e li te prete sèman pandan yon manifestasyon ki t ap òganize nan Karakas ki se kapital peyi a. Imedyatman Guaido te fin prete sèman an, li te tou jwenn apui ak rekonesans nan men peyi Etazini nan tèt, epi Kanada, Brezil, Kolonbi ak Perou.

Yon lòt bò, pandan li pa t nan eleksyon li te ale, peyi sa yo : Lafrans, Almay, Wayòm Ini, Espay ak Inyon Ewopeyen te di yo pare pou rekonèt Juan Guaido kòm « prezidan peyi Venezyela », si tout fwa prezidan Maduro pa òganize eleksyon lib anvan 1e mas 2019. Men malerezman pou peyi sa yo ak tout Inyon Ewopeyèn, Prezidan Maduro te jwenn asistans lame a ki te kanpe ak li, e tout pwojè entènasyonal la te tonbe nan dlo.

Imajine yon kantite peyi ki di y ap pratike demokrasi, yo se pi gwo modèl demokrasi pou tout mond lan, poutan yo rive rekonèt kòm prezidan, yon senp sitwayen ki pa eli nan okenn eleksyon. Puiske opozisyon politik peyi Venezyela a vin reyalize non sèlman yo p ap ka destitiye prezidan Maduro, men tou kominote entènasyonal la p ap ka mete do Maduro atè, yo deside rele chalbare dèyè Juan Guaido 30 desanm 2022 a.

Sérondier LOUISIA, Centre à la UNE.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841