Prezidan sòtan peyi Brezil la Jair Bolsonaro, kite peyi a pou antre Ozetazini 30 desanm 2022 a, egzakteman 2 jou anvan fen manda li a, ki tou make antre an fonksyon Luis Inácio Lula Da Silva, pou yon 3èm fwa nan tèt peyi Wa Pele a. Se sa divès medya rapòte.

Depi avan 1e ak 2èm tou yo nan peyi Brezil, ki te mete fas pou fas 2 potansyèl kandida pou pòs prezidan, Lula Da Silva ak Jair Bolsonaro, anpil deba ki t ap fèt, te montre aklè si se Lula ki rive prezidan, Bolsonaro ap gen anpil pwoblèm. Aprè dekont 2èm tou yo, Lula rive an 1e pozisyon.

Pwoblèm sa yo lye ak anpil move jesyon Bolsonaro fè nan tèt peyi a, notamman jesyon kesyon pandemi «Kowona a» ki tiye plis pase 690 000 moun pou plis pase 36 000 000 ka nan peyi Brezil, selon tout done JHU CSSE COVID-19 DATA prezante.

Nan radyo, jounal, sou twotwa a e menm atè nan lari a nan peyi Brezil, sitwayen yo temwaye kont movèz gouvènans ekstrèm dwat la, pandan kenkena li a nan tèt peyi a ( janvye 2019 – desanm 2022). Sitwayen Brezilyen kou letranje repwoche prezidan Bolsonaro kòm moun ki sakaje anpil enstitisyon, li kanpe divès pwogram Lula te tabli, li vyole dwa mas defavorize a, li bay Lèzetazini anpil pwofi, li favorize klas posedant lan, li aksepte Juan Guaido ki pa menm eli nan eleksyon kòm prezidan peyi Venezyela sou prezidan Nicolas Maduro.

Jou ki te vandredi 30 desanm 2022 a, prezidan Jair kite peyi Brezil pou rann li Ozetazini, egzakteman 2 jou avan li pase echap prezidansyèl la bay prezidan tou nèf la ki se Lula. Peyi a li kite a pa yon sipriz, puiske plizyè diskou ekstrèm dwat la te fè, te deja montre li ta ka pa prezan pou pasasyon echap la k ap fèt dimanch k ap 1e janvye 2023 a nan kapital peyi a, Brazilya.

Pou anpil Brezilyen, vini prezidan Lula pou yon 3èm fwa nan tèt pouvwa a nan peyi Brezil, se yon gwo viktwa pou mas la kont yon oligachi ki te fin pran peyi a, sèlman 12 lane aprè Lula pa t sou sèn politik la.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon ajans an liy ki bay nouvèl nan tout rakwen peyi Dayiti ak rès Mond lan. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841