Entèdiksyon yon group postilan prete sèman nan kowòt avoka 30 desanm 2023 a

jodi vandre 30 desanm 2022 a jou j-2 pou 2023 yon kòwòt avoka estajyè ki te 125 ki te dwe prete sèman nan sal odyans tribinal sivil Mibalè a devan dwayen an Mèt Lexander Dorilas ak komisè Gouvènman an Me Gabriel Fleury ki te fè ofis ministè piblik se sèlman 36 ki rive prete sèman kote 89 lòt yo ekate akoz yo pa genyen lisans.

Ou te ka remake sou kote plas piblik la yon kantite machin tout kalite pake nan tout ti kwen ki ta baw yon ide gen yon aktivite k ap fèt nan zòn nan, rive pi devan sou bò dwat komisarya moun abiye byen fre ak tout koulè Pami yo: manman,papa, zanmi ak alye epi avoka estajyè yo swa ak tòj nwa kòl blan ou byen ak kostim sou yo epi tòj yo sou bra yo ak bèl souri sou lèv yo pou yo al sèmante devan kris la pou respekte kòd etik metye a.10è 30 11è nouvèl la ta pral tonbe kote avoka estajyè t ap chwichwi antre yo pretasyon an pap fèt. Nan bouske pou jwenn koz la piblik la ak avoka yo ta pral konnen se 36 mèt avoka ki gen lisans yo kenbe nan men yo ki gen dwa leve men douvan fanm ak je bande a sou 125 ki dwe prete sèman.
youn pi sevè pase lòt konpreansyon yo pataje pa rapò ak sa ki pase a:
«Mwen vrèman endiye pou sa ki pase a paske nou fé tout sa yo mande nou fè poun te ka vin manm bawo a tankou:
«nou peye 5000 goud frè pou etidye dosye nou 25 000 goud kòm frè pou nou ka prete sèman nou peye 5 000 goud frè pou badj nou chak, a pré nou fin sibi evalyasyon ke nou reisi ak siksè.Mwen etone anpil a pré tout depans sa yo poum tande dwayen tribinal la mèt Lexander Dorilas entèdi nou prete sèman sou baz nou pa gen lisans, mèt la konnen lisans lan pa fasil mwen pa kwè Mèt Lexander gen lisans tou li menm,»daprè sa youn nan postilan yo rapòte ak jounal la.

dwayen a-i tribinal la mèt lexander Dorilas reponn epi eksplike rezon elèv avoka yo pa prete sèman:
«daprè Memorandòm CSPJ fè soti 1e janvye 2022, li entèdi pou elèv avoka prete sèman sou prosèvebal de soutnans.
«nul n’est censé ignorer la loi » depi piblikasyon memorandòm nan te fèt nan jounal ak sou rezo sosyo tout moun dwe konenl answit tout moun ki gen lekòl dwa dwe konen elèv etidyan pa dwe prete sèman sanl pa genyen lisans li nan menl. Mèt la kontinye pou bay kèk konsèy ak jèn avoka ki genyen problèm lisans yo kote li di li espere yo pase nan yon lekòl de dwa lè saa yo dwe al fè presyon sou dirijan lekòl yo pou fè soti lisans yo pou lisans lan omologe pa ministè edikasyon nasyonal.Metye a se yon metye nòb fòk yo mete yo a la otè pou egzèse pwofesyon an byen. sèjou si nou remake gen plis moun ki vin kache anba tòj anba dra avoka pou fè malvèzasyon.

Mèt Joël Louis avoka militan nan bawo a kritike san resèv fonksyonman bawo a,»mw pran distans mw ak bawo saa, se rakèt kap fèt batonye a pran bawo a an otaj pandan 2 ane lap enskri moun fè kòb san li pa teni kont ki fòmasyon moun yo genyen «c’est de raquetologie»ensiste poul di.
kontakte batonye a sou vrè koz postilan yo pa prete sèman li reponn:
«mwen rezèvem pou pa reponn pou anpeche mwen site non moun epi mal enprete sa map di yo»deklare mèt Joël Lubin batonye lòd avoka yo nan Mibalè.

Lajistis pa dwe viv de eskandal se sa mèt la lalwa yo toujou di poutan, lajistis Mibalè se eskandanl sou eskandal.

Zacharie Exil

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon ajans an liy ki bay nouvèl nan tout rakwen peyi Dayiti ak rès Mond lan. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841