Responsab yo nan Rasanbleman jounalis pwofesyonèl yo nan Latibonit (RAJPA) reyalize yon jounen fòmasyon pou yon 30 tèn jounalis nan vil Gonayiv jounen vandredi 30 Desanm 2022 a. Jounen fòmasyon dewoule anba tèm: Wòl laprès ak sosyete sivil la sou divès kriz kap travèse peyi a.

Mèt Merant Jonas kise pòt pawòl rasanbleman jounalis pwofesyonèl yo nan latibonit RAJPA remèsye ak felisite entèvenan yo li di ki te aksepte demand komite a te fè ak yo pou reyalize gwo konferans deba sa ki selon li menn te enpòtan anpil pou travayè laprès yo nan Latibonit. Pòt vwa Merant Jonas di y ap kontinye travay nan kad pèspektiv yo genyen pou reyalize plis fòmasyon nan lane 2023 k ap vini an yon fason pou jounalis yo kapab enplike vrèman nan chanjman sosyete a .

Konferansye Cily Lefort ki se yonn nan fòmatè nan nivo konsèy Nasyonal Sosyete Ayisyèn nan (CNSCA) ki t ap entèveni nan okazyon an fèkonnen, laprès ak sosyete sivil la se 2 zouti ki kapab rive chanje sosyete ayisyèn nan , nan moman difisil pèp ayisyen an ap konnen jounen Jodi a. Pwofesè Cily Lefort deklare, li felisite ak remèsye dirijan rasanbleman jounalis pwofesyonèl yo nan latibonit ki pran inisyativ sa pou jounalis yo nan Depatman an. Li swete divès Asosyasyon jounalis ki nan lòt Depatman yo rive òganize konferans deba sa yo yon fason pou yo kapab jwenn sa y ap chèche a swit a yon Latriye pwoblèm peyi a ap konnen.

3 pami jounalis kite benefisye fòmasyon Sila tankou Feguerson Adeclat k ap travay pou radio Référence/fm, Beau Jaudelin Tendances Actualités ak Fleurimont Henry Animatè emisyon Pawòl sou tanbou sou radio Antenne Continentale nan entèvansyon yo swete gen bonjan pase men ki dwe fèt andedan sektè saa si tout bon vre nou vle batay pou bon chanjman peyi a k ap konnen divès pwoblèm depi plizyè lane kote otorite yo fèmen zye yo sou yo.

Nap soulinye :Mèt Michelet Yvon Joseph tout moun konnen sou non mèt Fouyapòt kise dezyèm entèvenan nan kad aktivite sa, swete RAJPA kontinye sou menm lanse a pou plis jounalis kapab byen fòme nan kad Travay yo nan sektè près la onivo Depatman Latibonit.

Israël CEDIEU, centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon ajans an liy ki bay nouvèl nan tout rakwen peyi Dayiti ak rès Mond lan. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841