Daprè dènye rapò Repòtè San Fwontyè (RSF) yo pibliye vandredi 30 desanm 2022 a, soti lane 2003 pou rive 2022, genyen 1 668 jounalis yo asasinen atravè lemond, sa vle di chak ane, yo touye 80 epi 95% se gason. Pami zòn ki pi danje pou pwofesyon an, yo site peyi Irak ak Siri.

Youn nan ka ki pi resan yo jounal la site, se asasina jounalis Fredid Roman 24 out 2022 nan vil Meksik. Kote nan divès mi, popilasyon an te mete foto lòt jounalis yo te deja touye, nan objektif pou onore memwa yo e pwoteste kont asasina jounalis Fredid Roman nan.

PIBLISITE PEYE

Nan jounalis ki asasinen yo, 95% se gason. Depi 2012, yo te disparèt 52 fanm aprè tout fanm sa yo te fin fè kèk envestigasyon sou kesyon dwa fanm yo. E pou rann yon omaj byen merite ak jounalis fanm sa yo, sekretè jeneral ONG ki reyalize rechèch la M. Christophe Deloire, te fè kèk bèl deklarasyon pou yo.

RSF endike nan de dènye deseni yo, 80% nan viktim yo konsantre nan 15 peyi. Pandan peryòd sa a, Irak ak peyi Siri klase nimewo en (1) nan lis tris sa a. Yo se 2 peyi ki fè fas ak anpil gè, gen yon total 578 pwofesyonèl medya ki te asasinen. Aprè sa a, nou jwenn nan lòd peyi : Meksik (125), Filipin (107), Pakistan (93) epi Afganistan (81).

Lane 2012 ak 2013 se lane ki pi tèrib kont jounalis yo, respektivman 144 ak 142 jounalis asasinen, an patikilye akòz konfli ki te genyen nan peyi Siri, se sa RSF souliye. Pi lwen, yo di 47.4% nan jounalis ki te mouri pa vyolans nan lane 2022 a, se nan kontinan Ameriken an yo mouri. Yo kwè san dout, se kontinan ki pi danje pou medya yo jodi a, yo site peyi sa yo: Brezil, Meksik, Ondiras ak Kolonbi.

Peyi Meksik pou kont li fè 7% nan asasinay ki fèt sou pwofesyonèl medya yo, nan espas 20 lane sila, e li te vin tounen peyi ki pi danjere andeyò lòt zòn ki te gen gwo konfli nan mond lan.

Genyen uit (8) jounalis ki mouri nan peyi Ikrèn pou lane 2022 a, men lis vin ogmante lakòz gè a ki fin eklate a, se sa k fè Ikrèn vin nan dezyèm plas nan klasman an nan kad peyi ki pi danjere an Ewòp nan kesyon touye jounalis. Selon rechèch yo, Ikrèn vini dèyè peyi Larisi ki touye 25 jounalis pandan 20 lane yo.

Depi Vladimir Poutine pran tèt pouvwa a nan peyi Larisi, atak ki fèt yo fatal anpil sou libète laprès la genyen pou enfòme ak fòme popilasyon an, yon konpòtman RSF te souvan denonse, ak tout rigè sa merite.

Ak uit (8) lanmò anrejistre, peyi Lafrans parèt nan katriyèm (4èm) plas an Ewòp, dèyè peyi Latiki, akòz yo te rive asasinay jounalis Charlie Hebdo yo nan kapital peyi a Pari, nan lane 2015.

Malgre jounal la endekse tout kontinan Ameriken an kòm espas ki pi vyolan nan etenn souf jounalis nan kad travay yo pwodui a, sa pa anpeche Ayiti ki gen yon lis byen long jounalis ki asasinen, pa fè pati lis peyi ki site yo.

Sérondier LOUISIA, Centre a la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon ajans an liy ki bay nouvèl nan tout rakwen peyi Dayiti ak rès Mond lan. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841