Legliz Katolik nan peyi Benen an Afrik, vle yon eleksyon nan transparans ak lapè

Legliz Katolik nan peyi Benen, ki trè angaje nan Demokrasi, òganize jedi 29 desanm 2022 a yon rasanbleman priyè ak angajman, pou relijye, politisyen ak sosyete sivil la. Objektif yo se pèmèt eleksyon lejislatif ki pral fèt 8 janvye 2023 yo reyalize nan transparans ak lapè.

Beninwa yo te fè chita pale sila nan katedral Nòtredam Kotonou nan peyi Benen, kote yo te pase yon tan nan lapriyè, men sitou yo te mete diferan fòs viv nasyon an chita, pou mye prepare eleksyon yo ki pran fèt nan mwa janvye k ap vini la a. Yo te pale anpil de lanmou ki dwe pataje ant manm popilasyon an, paske lanmou youn pou lòt la ka fè anpil byen pou sosyete a.

Responsab Iman ki reprezante kominote Mizilman an, te anonse tou mesaj lapè yo pral retransmèt nan tout moske jiska jou vòt la va rive, ki se dimanch k ap 8 janvye 2023 a.

«Se nou k ap responsab tout sa k pral pase nan jou eleksyon an. Se pou syèl la pèmèt okenn san pa koule sou nou». Se yon sitasyon ki te parèt plizyè fwa nan reyinyon sa a, ki se yon apèl pou yon bilten vòt nan lapè ak transparans, paske te gen anpil vyolans ki te touye moun nan dènye eleksyon 2019 yo.

Kontrèman ak legliz ki lage nan trafik zam ak koripsyon an AYITI epi sitou divès relijyon ki pa konn si yo genyen yon sitwayènte terès, kote yo gen misyon pou patisipe nan devlopman peyi a, ak tout desizyon k ap pran, legliz Katolik nan peyi Benen pran responsablite l, kote li mete ansanm aktè yo chita, non sèlman pou yo reyalize yon eleksyon lib, onèt, transparan, nan lapè, men tou pou yo anpeche twòp moun pèdi vi yo jan te ye nan lane 2019.

Sérondier LOUISIA, Centre a la Une.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon ajans an liy ki bay nouvèl nan tout rakwen peyi Dayiti ak rès Mond lan. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841