Pa ka gen fèt nan yon peyi kote yon pèp anba okipasyon mantalman.
Se yon vrè konsyans patriyotik ki pou pèmèt peyi a soti nan sitiyasyon malouk li jodi a. Pawòl sa yo se deklarasyon Reveran Pè Roudson VIEUX kire pawas Notre dame du père Perpétuel secoue Kabayi Komi n Ench Depatman Sant Ayiti ki rankontre ak laprès jedi 29 Desanb 2022 a.

Pè Vieux drese yon bilan négatif e katastrofik de gouvènans peyi a pandan lane 2022 a kote pèp la ap fè fas ak yon kriz san parèy.

Insekirite jeneralize, gaz, lavichè, politik degrenn goch, lavi chè, chomaj, mizè, lekòl ap fèt pa moso, elatriye ki rann pèp la vi n pi mizerab. Prèt katolik nan dyosèz Ench rann aktè politik yo responsab novèz sitiyasyon pèp ayisyen ap fè fas jounnen jodi a akoz movèz jesyon ekip PHTK a. Mete ak yon premye Minis ki pran pouvwa an notaj ki pa tande rèl pèp la.

Pè Roudson VI EUX plede anfavè yon vrè inite ant tout ayisyen pou bay peyi a yon lòt direksyon pou amelyore kondisyon lavi pèp ayisyen an. Li profite ap poze tèt li Kesyon sou avni 2 zyè m lendi janvye 2023 kote manda 10 senatè yo ap fini. Eki avni 7 fevriye 2023?

Jacquelin NAPOLÉON, Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841