Direksyon Bidjè Ayiti pibliye sou sit ofisyèl li ayè mèkredi 28 Desanm 2022 a, dekrè bidjè gouvèman Ariel Henry a a adopte pou ane fiskal 2022/ 2023 a. Nan bidjè sa yo prevwa vwa ak mwayen ki totalize 267.5 milya goud. Resous domestik yo ki nan 164.1 milya goud, don yo se 40.4 milya e finansman yo se 63.1 milya goud.

Selon previzyon yo 78% vwa ak mwayen yo tounen resous domestik ak yon otè de 61.3%, resèt kouran yo 3.1%, bon trezò 0.5%, anilasyon dèt FMI yo 1.6%, lòt finansman entèn projè, 12.3%. Tandiske resous ekstèn yo se 21.1%

Pousa ki wè ak depans yo, gouvènman an prevwa nan bidjè a 57.9% pou depans kouran yo, depans kapital yo se 42.1%. Yo bay detay depans sa yo konsa: depans pou pèsonèl se 29.4%, depans byen ak sèvis 18.7%, sibvansyon 7.6%, enterè dèt 2.3%,

Pou depans kapital yo program ak projè yo pran 29.6%, depans imobilye se 1%, depans amòtisman dèt se 11.4%.

Bidjè a vize program sosyal, aplike plan relèvman entegre depatman Sid la, finansman kanpay agrikòl, lite kont kontrebann.

N ap raple pou egzèsis fiskal 2021-2022 a, gouvènman an te kolekte 110 milya goud sa kite fè yon mank agaye de 8.3 milya goud paske yo te prevwa 120 milya goud pou egzèsis la.

By Sadrax Ulysse

Sadrax ULYSSE diplomé en communication journalisme et en sciences du développement. Certifié par: Université laval Canada en développement durable et Université Shangor. Certifié en journalisme par: UNESCO, OIF, Ruters insititut....