Ane 2022 a se youn nan ane ki pi difisil pou pèp Ayisyen an nan istwa resan li an tèm de sekirite. Plis pase 1000 ka kidnaping ak asasina, plis pase 50 Polisye tonbe. Malgre sa, Direktè Jeneral Polis Nasyonal Ayiti a, Frantz Elbé, san jennen montre li satisfè pou gwo travay li di li reyalize nan tèt Polis la, nan kad yon konferans pou laprès mèkredi 28 desanm 2022 a, nan lokal direksyon santal lapolis jidisyè a (DCPJ), kote li t ap bay bilan pou ane a.

DG Elbé avanse pou di ane a pa t fasil, men gras ak detèminasyon lapolis la, yo te reprann kontwòl tèminal varreux a bandi yo te bloke pou gaz la pa t pase plis fenomèn «peyi lock», ki te paralize divès kwen nan kapital la ak rès peyi a.

Nan konferans pou laprès mèkredi sa a, Elbé bat gwo bravo pou detèminasyon ofisye lapolis yo ak tout polisye yo an jeneral, malgre Kanaran Matisan, Kwadèboukè, Laboul, Tòsèl ak divès lòt zòn lapolis la pèdi kontwòl yo. Li rale divès agiman pou jistifye reyisit li nan tèt enstitisyon enpòtan sila, ki responsab sekirite nan tout peyi a, selon sa li rakonte.

Pandan ane 2022 a, Direktè Jeneral Enterimè Polis Nasyonal la fè konnen PNH mennen 1 140 operasyon yo te fè ak 63 fouy, pou yon total 12 964 arestasyon. Arestasyon ki repati konsa: 301 pou touye moun, 124 pou trafik moun ak kontrebann, 61 pou finansman krim, 72 pou vyòl, 1 432 fonksyonè sivil ak 1 234 polisye ki revoke aprè envestigasyon ofisyèl polis nasyonal yo.

DG a kontinye pou di enstitisyon an remèt 10 825 chèk yo te remèt Ministè Finans ki totalize plis pase 219.795.500 goud ak 120 kat debi BNC yo te anile.

Li mansyone tou aksyon ki fèt pou amelyore kondisyon travay polisye yo, li site dekrè sou konpansasyon fanmi polisye yo ki viktim nan egzèse fonksyon yo. Dekrè a deja an vigè, li pwofite remèsye Premye Minis la ak gouvènman an paske li te mete «zouti konkrè» sa a disponib pou PNH la. Li ale pi lwen pou fè konnen li ogmante prim risk pou polisye yo, epi li raple pwogram ONA-polis la te devlope pou pèmèt polisye yo benefisye prè ak yon to preferansyèl.

Pi lwen, aprè DG Elbé fin montre satisfaksyon li pou gwo travay li reyalize li pwofite di enstitisyon polis la prè pou kolabore ak nenpòt fòs etranje ki prè pou ba yo kout men, paske polis la te manke prepare pou fè fas ak nivo banditis ki genyen nan peyi a.

N ap souliye, DG a pa bay pyès detay sou rapò RNDDH mete deyò ki fè kwè polisye yo ap brase gwo lajan nan fè taksi ak cha yo.

Selon divès obsèvatè, se ak dlo nan je DG a ta dwe rakonte bilan sila pou ane 2022 a, pou fason ensekirite a ap feraye. Gang ap opere san kè sote, gwo midi anba je lapolis, polisye kouri kite divès komisarya sou presyon gang, 54 polisye mouri asasinen, plizè cha blende sezi epi boule, men sa pa anpeche Direktè Jeneral la kontinye voye flè pou enstitisyon l ap dirije a.

Nan lòt konsiderasyon sitwayen yo fè, men sa yo fè kwè: Se pa jodi a y ap planifye pou voye yon fòs an Ayiti ki pa ko janm ka antre, e si finalman peyi etranje yo ta deside pa voye okenn fòs militè an Ayiti, tout peyi a ta bezwen konnen kisa Direktè Jeneral Polis Ayiti a, Frantz Elbé ap fè ak popilasyon an, puiske pou li, Polis ki la a pa gen ase fòs pou fè fas ak gang yo, fòk yo jwenn yon asistans etranjè.

Joseph Cenes, Centre à la UNE !

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon ajans an liy ki bay nouvèl nan tout rakwen peyi Dayiti ak rès Mond lan. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841