Mèt Dérius Délivra ki se vis kòdonatè Mouvman Nasyonalis Entegre Ayiti (MONIH), nan kad yon entèvyou li akòde a laprès jounen madi 27 desanm 2022 a deklare, li pa atann ak okenn rezilta sou desizyon ki pran pou mete kanpe akò 21 desanm 2022 a, lakòz majorite reprezantan Pati Politik k ap milite andedan peyi a pa pote bay dizon yo nan desizyon sila a.

Vis kòdonatè MONIH an fè konnen, se yon konsansis lajman laj ki dwe fèt pou retire Ayiti nan moman difisil li trouve l nan moman an, kote anyen pa fèt bò kote otorite yo pou soulaje soufrans pèp la ap konfonte yo.

Poze l kesyon sou ensekirite ak kidnaping ki pa sispann sakaje bil popilasyon Ayisyèn nan pandan plizyè lane, Mèt Derivra reponn pou l di se paske gang ame yo gen marenn ak parenn epi volonte ki pa genyen bò kote otorite yo andedan peyi a, ki lakòz fenomèn ensekirite a toujou ap vale teren nan 4 kwen peyi a .

Pi lwen, vis kòdonatè MONIH an fè konnen gang ame yo pa gen mwayen pou achte gwo zam fann fwa sa yo ki, daprè li, koute anpil dola ameriken. Li fini pou di se mèt yo ki achte zam sa yo pou yo, yon fason pou yo ka twouble lapè Piblik e rive anpeche peyi a fonksyone, nan simen dèy, pandan y ap fè bè yo.

N ap fè remake, nan vil Gonayiv divès sektè pa danse kole ak desizyon ki pran pou mete yon konsèy ki genyen 3 manb nan tèt li, ki gen lide pou dirije konsèy tranzisyon an ak pwonlongasyon manda Premye Minis Defakto Ariel Henry a nan tèt Primati a. Yon desizyon yo estime ki p ap règle anyen pou soulaje soufrans pèp la ap andire.

Puiske Mèt Dérius pa wè ak bon je akò 27 desanm nan, anpil moun k ap kesyone, mande poukisa kòdonatè a li menm tou pa eseye prezante bay nasyon Ayisyèn nan, yon plan sòti kriz li panse k ap mye parapò ak akò Premye Minis defakto a ?

Israël CEDIEU Gonayiv, Centre a la Une.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841