Yon delegasyon konsèy prezidansyèl la te pase vizite palè nasyonal lendi 22 Avril 2024 la pou fè yon evalyasyon de sitiyasyon an. Ansyen kolonèl Himmler Rébu ki ap prezide komisyon evalyasyon sekirite a pou enstalasyon konsèy prezidansyèl la te akonpaye delegasyon an.

Suit ak kont randi delegasyon an te prezante bay manb konsèy prezidansyèl la sou vizit yo a pral pouse manb konsèy la chita antre yo prese prese madi 23 Avril sa a pou deside ki dat enstalasyon an epi gade tou ki kote l ap fèt.

Toujou selon menm sous la, nan reyinyon KP a fikse jodi a pou 3 zè aprè midi, genyen gwo posibilite pou ta tou genyen eleksyon ki fèt pou konnen pami 7 konseye yo kilès ladan yo ki pral jwe wòl prezidans konsèy la.

Twoub politik ak kondisyon ekonomik devastatris yo kondui peyi Ayiti nan yon pwoliferasyon gang, anviwon 2.7 milyon moun, pami yo 1.6 milyon se fanm ak timoun k ap viv nan zòn kote se bandi k ap fè la lwa se sa direktris Unicef la Catherine Rusell pibliye sou kont X li lendi 22 avril 2024 la. Poutan, politisyen yo kote pa yo kontinye ap tatone pandan tan ap pase, moun ap mouri, genyen rate manje, lopital yo pa fonksyone…

Selon sa yon sous Centre à la UNE genyen manb nan konsèy la ki fè konnen te genyen anviwon 400 moun ki te dwe patisipe nan enstalasyon an men chif la ka redui a mwens ke 100 anviwon. E se jodi Madi a tout dènye desizyon yo ap pran pou fikse dat egzat seremoni an ap dewoule.

N ap siyale gang yo nan kapital peyi Ayiti kontinye ap miltipliye estraji yo. Ayè lendi a, channmas nan anviwonman palè nasyonal la gang yo t ap twoke kòn yo ak polis nasyonal li menm ki bay garanti yo deja prè pou bay sekirite pou enstalasyon an rive fèt. E paralèlman, gang yo rive sezi anviwon yon 10zèn kamyon gaz ki t ap frekante tèminal vare a anplis de sa, yo menm rive bloke aksè ki bay ak vare a.

Sadrax ULYSSE, Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon ajans an liy ki bay nouvèl nan tout rakwen peyi Dayiti ak rès Mond lan. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841