DG Frantz Elbé mande UTAG antre nan baz, alòske gang Kanaran kontinye fè plan pou anvayi Sodo pou yon 3èm fwa. Yon dezisyon kominote sodlèz la vivman konteste

Nan komin Sodo, popilasyon an leve kanpe pou voye kèk mesaj klè bay gouvènman Ariel Henry, sitou DG PNH la Frantz Elbé, ki vle leve fòs lòd yo, epi lage Sodo pou kont li. Jounen madi 05 mas 2024 la, pèp Sodo a di DG PNH la detwonpe l, yo p ap kite blende a, ni polisye espesyalize yo kite Sodo, tout tan yo vivan. Sitwayen yo fè konnen, kob taks yo kontribiye nan achte blennde, epi peye polisye yo menm jan ak Pòtoprens, kidonk yo gen dwa ak sekirite tou. Paske ensekirite a plane sou tèt yo tou ak menas repete gang Kanaran ki te anvayi vil la sa pral gen 6 mwa.

Moun Sodo pran lari a madi 5 mas 2024 la, pase nan tout vil la, kote yap eskande okenn moun p ap ka leve polisye yo ak cha blennde a, paske yo peye taks menm jan ak tout rès moun nan peyi a epi yo gen ensekirite a ki plane sou tèt yo tou. Yo di tout o tan pa gen yon plan sekirite nasyonal ki ekzekite pou tout peyi a, polisye yo ak cha blende a p ap fè yon pa.

Nan yon kontèks osi difisil e tandi, samdi swa 2 mas pase a pou louvri dimanch 3 nan maten, moun Sodo te leve jwenn devan komisarya a vid, tout polisye ale, ba gen okenn bakòp, pa gen prezans cha blennde a. Sitiyasyon sila ta pral lage anpil sitwayen nan gwo difikilte, paske yo te oblije kouri kite vil la, paske devan komisarya a te blanch kou koton.

Anba dilijans popilasyon an nan vil Mibalè ki te bloke divès wout, Elbé te oblije mande polisye yo rantre nan baz yo nan komin Sodo. Se pa t ankò fini, soti lendi 4 pou rive madi 5 mas 2024 la, selon enfòmasyon nou dispoze, presyon yo te vin ogmante pou mande polisye yo desann Pòtoprens pou ale goumen, paske pa gen ase efektif pou atwosite gang yo, anba non «Viv Ansanm«, k ap sekwe bil Pòtoprens.

Èske moun Sodo pa peye taks ki kontribye pou achte blennde sa a epi pou peye polisye yo ? Pi lwen, èske komin Sodo pa gen pa yon gwo sib ankò ki se gang Kanaran an ? Èske blennde sa a se pou moun Sodo osnon li se byen prive Ariel Henry ak Frantz Elbé ? Se kèk kesyon fondamantal nan divès entèwogasyon popilasyon an t ap poze nan kad mouvman sila, ki te dire plis pase 4h (09h AM – 01h PM).

N ap raple, nan dat ki te vandredi 22 septanm 2023, bandi ki soti nan baz Kabaran, anba kòmandan chèf gang Izo, ak gwo kout bal lagè, te anvayi sant vil Sodo, masakre anviwon 20 sitwayen, piye, bote tout sa yo jwenn sou wout yo, volè anpil manchon ak moto. Se pa t fini, lendi ki te 25 septanm 2023 a, bandi sa yo te anvayi sant vil Sodo ankò epi fè tout moun kraze rak anba gwo kout bal epi enstale 2 chèf gang (Kesnel ak Guernald).

Nan menm madi 26 septanm 2023 a, bandi yo te pwogrese epi antre nan vil Mibalè ki se vwazen Dodo. Men la, yo te jwenn rezistans, kote divès ladan yo te tonbe. Toujou nan madi maten, kèk grenn ajan spesyalize SWAT ki te antre Sodo depi nan lendi swa, te frape bandi yo, blese anpil ladan mòtèlman epi retabli lòd nan komin Sodo. 25 mas k ap vini an ap bay evènman trajik sila 6 mwa depi li te pase.

Sitwayen yo mande ki enterè kache DG PNH la, Frantz Elbé, ta genyen nan leve polisye yo ak cha blennde a, lè yo konsidere Sodo ak tout rès depatman Sant lan toujou anba gwo menas ak presyon gang Kanaran an ?

Sérondier LOUISIA, Centre à la UNE

By Sérondier Louisia

Sérondier LOUISIA se yon Ayisyen otantik, yon Inivèsitè ki fè Syans Edikasyon ak Lekòl Nòmal Siperyè, ki etidye Filozofi ak Lèt. Li se Anseyan, Sansè, Jounalis, Chèchè, Enfòmatisyen...