Bandi ak zam atake penitansye nasyonal samdi 2 mas 2024 la selon sa yon wo grade nan polis la te rapòte Centre à la UNE. Anpil prizonye sove nan atak saa. Poko genyen bilan chifre.

Aprè penitansye nasyonal, bandi yo te atake prizon sivil Kwadèboukè a tou yè samdi 2 Mas 2024 la, kote genyen divès prizonye ki rive chape poul yo. Se sa yon responsab nan prizon fè konnen. Li prezise yo pa t ko janm genyen aksè ak batiman ki loje prizon an. Li 3h40 dimanch 3 mas 2024, okenn otorite pa ko di peyi a anyen sou 2 dènye evenman sa yo.

Gen plizyè prizonye wo pwofil ki te fèmen nan penitansye nasyonal la tankou pa egzanp ansyen prezidan Chanm Depite a Cholzer Chancy, Joseph Felix Badio, youn nan sispèk kle nan asasina Prezidan Jovenel Moise la, dwòg dilè Clifford Brandt, ansyen majistra Jacmel Macky Kessa, Marcelin Myrthil (Arab la), epi plizyè pami mèsenè Kolonbyen ki ta enplike nan asasina Prezidan Moïse la.

San prezante yon bilan chifre sou prizon yo bandi yo kraze epi libere yon pakèt prizonye, dimanch 3 mas 2024 la gouvènman Ariel Henry a di li salye «kouraj polisye» yo ki te tante repouse bandi yo.

Pilwen, parapò ak ansanm evenman k ap pwodui nan peyi a depi wikenn nan, dimanch 3 mas 2024 la, gouvènman an anonse yon «eta ijans» pou 3 jou ki ka renouvle nan depatman Lwès. Yo dekrete tou yon «kouvrefe» sou tout teritwa nasyonal la, ant 6 zè nan maten ak aswè, ki kòmanse jodi a, k ap bout mèkrèdi 6 mas k ap vini an.

N ap siyale, Direktè Jeneral Polis Nasyonal Ayiti a, Frantz Elbé, sou wout pou li ta revoke nan tèt enstitisyon an aprè tout dega ki anrejistre Pòtoprens sou Ayeropò, komisarya, Fakilte, prizon penitansye ak Kwadèboukè. Selon Gazette Haiti, divès manm gouvènman an ta deja leve vwa yo byen wo pou egzije demisyon Elbé pi vit posib.

Sadrax ULYSSE, Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon ajans an liy ki bay nouvèl nan tout rakwen peyi Dayiti ak rès Mond lan. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841