Non Guy Philippe nan peyi Ayiti vle di yon pakèt bagay kèlke swa sou fòm ou ta abòde sijè sa a, se te youn nan prensipal opozan ki lakoz dechoukaj Prezidan Jean Bertrand Aristide sou pouvwa a 29 fevriye 2004, pou yon rezon ou yon lòt, dat sa ki grave nan memwa tout Ayisyen.

Nan dat 11 jiyè 2005, Guy Philippe te anonse kandidati li nan eleksyon prezidansyèl ann Ayiti pou Fwon pou Rekonstriksyon Nasyonal (FRN). FRN se tou gwoup geriya li ki te patisipe nan rebelyon 2004. Nan kòmansman ane 2005, FRN te rekonèt kòm yon pati politik. Ansyen chèf rebèl la te kritike administrasyon gouvènman tranzisyon 2004-2006 Boniface -Latortue ki t ap okipe yo pou pwosesis ralanti pou kreye sant anrejistreman atravè peyi a.

Okòmansman wè li kòm yon gayan chans nan biwo vòt la, li pita tonbe dèyè konkiran prensipal yo. Finalman, malgre sipò entènasyonal ak lokal li pou rebelyon an, e malgre apèl li fè nan mitan jèn ayisyen yo, Guy Philippe te genyen mwens pase 1% vòt yo, sa ki montre li pa t yon ewo popilè vre aprè li te voye Aristide ale.

Aprè prezidan René Gracia Preval te fin pran pouvwa a nan eleksyon 2006 yo , Guy Philippe te disparèt sou sèn politik la, jan anpil bri te konn fè kwè, lidè a te kache nan mawon nan pestèl, vil kote Philippe soti, sou pretèks, yo ta di Guy sispèk epi lyen ak trafik dwòg ilegal nan peyi a ke Patizan Philippe yo di akizasyon yo kont li yo gen yon motivasyon politik e yo note ke li te fèk elimine sispèk sa yo lè li te menase pou l idantifye ayisyen pwisan ki te bay sipò finansye pou rebelyon 2004 la.

Finalman, BLTS te arete l jedi 5 janvye 2017 la, ki se Biwo pou konbat trafik dwòg, epi yon avyon DEA te ekstrade l Ozetazini.

Nap raple nou Guy Philippe te eli senatè Repiblik Ayiti pou depatman Grandans lan nan eleksyon 20 novanm 2016 yo. Nan moman arestasyon li, li te fèk sot pran sètifika li nan KEP (Konsèy Elektoral Pwovizwa). Lè l t ap kite KEP a, li te al patisipe nan yon emisyon nan radyo Scoop Fm e se pandan l t ap kite radyo a ke ajan BLTS yo te arete l. Aprè arestasyon li, nan jijman an, Guy Philippe te finalman dakò pou l plede koupab de zak otorite ameriken yo repwoche li .

Tou cho , tou bouke

Ansyen senatè eli Grandans lan, ansyen kòmandan Polis Nasyonal Dayiti (PNH) ki te dirije rebelyon an 2004 ki te ranvèse Prezidan Jean Bertrand, te rapatriye jou ki jedi 30 novanm 2023 nan nan Pòtoprens apre li te fin pase 7 lane prizon nan peyi Etazini. Ansyen kondane, te toujou kritik pou fason politik yo ap fèt nan peyi a, se sak fè, depi premye jou li te mete pye atè sou ti bout tè papa Desalin nan, li vin libere peyi a anba malfra sa yo ki pa vle pèp Ayisyen viv. Ansyen chèf Rebèl la, se te kòmanse mache vil an vil, kòmanse mobilize tout peyi a kòm kwa, li se Saint Sauveur pèp Ayisyen an.

Nan diskou lidè a, li te fè konnen, pèp Ayisyen an bouke ak gouvènman defakto Ariel Henry a ki p ap règle anyen nan peyi a, yo bouke ak kidnapping, yo bouke ak asasinay sou pèp la, Bandi yo pa ka alèz kònsa nan peyi a pou yo paralize tout yon peyi, li menm ak pèp li, li pral fè yon revolisyon, pou li pran pouvwa , pou mete tout bagay nan lòd yo. Lidè a, te kontinye nan pozisyon l pou l di , lapolis avè l, BSAP avèl, Dyaspora avè l y ap netwaye tout peyi a de bandi yo, y ap rantre Pòtoprens li te mèt anba kout zanm pou yo voye Ariel Henry ale avan 7 fevriye 2024 la.

Anpil Sektè te gentan ap bat gwo bravo ak diskou lidè Guy Philippe la, paske p èp la swaf sekirite, yo bezwen peyi a fonksyone byen, jan sa te ye avan, Dyaspora te fin gen espwa, resi gen yon moun ki pral libere peyi a, anpil patikilye te gentan fè pwomès ke y ap sipòte Guy Philippe nan mouvman revolisyon sa pou libere Ayiti.

Si w pa di anyen, se paske ou dakò ak sa k ap fèt yo .

Ak volim Guy Philippe te kòmanse okipe beton an, pa gen moun ki te panse, lidè a ta pral frennen sèk konsa. Menm avan dat 7 fevriye a, lidè a te di fòk Ariel Henry ale, nan medya nan kapital la, lidè a te komanse depale, pozisyon vin chanje, kounyea li pale sèlman de revolisyon pasifik jiskaske li rantre nan silans. Èske revolisyon konn fèt pasifik ? Èske plis pase dizèn ajan BSAP sa yo pèdi lavi pou granmèsi ? Èske gentan jwenn pòs pal nan Gouvènman an ? Antouka, pèp la toujou ap viktim, gang yo vin pi mechan e yo vin pi plis, Ariel Henry toujou sou pouvwa li p ap regle anyen, peyi pa gen nouvèl ou.

Avril Jean Launy, Centre à la UNE

By Jean Launy Avril

Je suis un guerrier de la vieille école. Nou fòme nan Syans Jiridik , Filozofi , Antropoloji sosyal e Syans Politik, Nap fè metriz nou nan Syans Sosyal domèn dwa moun .Nou gen fòmasyon nan redaksyon ak prezantasyon emisyon e nou ekri pou plizyè jounal nasyonal e entènasyonal elatriye..... Membre Fondateur et Directeur général du journal "Centre à la UNE". Mail: jean.launy.avril@mi.unc.edu.ar