Gouvènman ameriken an te mande premye minis Ariel Henry pou li demisyone, selon sa Miami Herald te pibliye mèkredi 6 mas 2024 la. Toujou selon jounal la, dirijan CARICOM yo te dwe mande pm Ariel demisyone epi anonse yon lòt gouvènman.

Nan yon rankont yo te dwe genyen yè mèkredi a ak Ariel, jounal la presize li te posib pou CARICOM mande pm Ariel fè yon videyo pou anonse demisyon li.

Nan yon ti tan ki pa twò long, pòt pawòl Mezon Blanch lan, Karin Jean Pierre, ta pral deklare, ak site: «Definitivman nou p ap ankouraje premye minis la demisyone, se pa sa n ap fè. Men nou souliye lè a rive pou finalize yon akò politik pou mete Ayiti sou chimen pou yon avni miyò. E n ap travay sou sa depi kèk tan.»

Fas ak konpòtman woule m 2 bò sa a Mezon Blanch afiche, Anbasadè Antigwa ak Babouda a Ozetazini, Ronald Michael Sanders, pèsiste depatman deta ameriken te voye yon mesaj bay Ariel Henry ki te mande li gade kouman li ka retire li. Diplomat la di mesaj la se te yon deklarasyon Ariel te dwe li pou anonse demisyon li.

Sou menm lanse a, aktyèl Premye Minis Antigwa ak Babouda a ki se Gaston Browne, bò kote pa li, deklare perantwaman premye minis Ayiti a, doktè Ariel, dwe demisyone pi vit posib.

Yè mèkredi 6 mas 2024 la, yon responsab Konsèy sekirite nasyonal peyi Etazini deklare «administrasyon Biden nan p ap bay okenn asistans ak Premye Minis Ariel Henry pou li retounen an Ayiti», aprè Ariel te mande gouvènman Ameriken an yon avyon militè pou li rantre AYITI.

Nan kad relasyon diplomatik ki lye Ayiti ak Etazini an, anpil moun kwè se yon relasyon Esklav-Mèt, kote AYITI toujou gran pèdan an, si tèlman Mezon Blanch toujou woule 27 750 km2 a nan farin, gras ak yon pakèt dirijan kowonpi ki gen tout vi yo chita nan 2 pla men blan an.

Sérondier LOUISIA, Centre à la UNE

By Sérondier Louisia

Sérondier LOUISIA se yon Ayisyen otantik, yon Inivèsitè ki fè Syans Edikasyon ak Lekòl Nòmal Siperyè, ki etidye Filozofi ak Lèt. Li se Anseyan, Sansè, Jounalis, Chèchè, Enfòmatisyen...