Plis pase 4 jou aprè bandi yo t ap sakaje kapital peyi a (Pòtoprens), san okenn bilan, DG PNH la, Frantz Elbé, te felisite madi 5 mas 2024 la, polisye yo pou kouraj yo epi salye memwa sa ki tonbe yo. DG a te fè konnen polis la pa nan politik.

Selon enfòmasyon ki disponib sou plizyè platfòm, plis pase 105 polisye mouri anba kout bal ant antèn PNH, Sou-komisaya ak Komisarya anviwon 26 ta deja livre depi Elbé pran tèt enstitisyon polis la, kote chak fwa yon evenman pwodui, li bay yon diskou epi lavi kontinye. Poutan, bandi pa sispann mache sou pèp Ayisyen an, enstitisyon etatik kou prive yo.

Nan dènye dega bandi yo komèt nan peyi a, patikilyèman nan Pòtoprens, yo kraze pi gwo prizon peyi a ki se penitansye (2 mas) epi yo libere anpil moun ki te arete nan kad divès dosye. Bandi yo kraze prizon Kwadèboukè a (2 mas) tou epi libere anpil prizonye.

Yo tire sou ayewopò entènasyonal Tousen Louvèti ak Ayewoga Guy Malary (29 fevriye). 7 gang te ankadre epi tante pran baz ajan CIMO yo (3 mas), ki se yon kò nan polis Ayiti a. Yo te vle pran akademi polis la tou (5 mas), espas ki la pou fòme polisye an Ayiti. Yo te anvayi lokal fakilte agwonomi ak medsin animal yo 29 fevriye 2024.

N ap note, men sa chèf gang G-9 An Fanmi e Alye a, Jimmy Cherisier Barbecue te menase madi 5 mas 2024 la, pandan yon konferans: «Si Ariel Henry pa demisyone, si kominote entènasyonal la kontinye sipòte l, sa ap dirije tou dwat nan direksyon yon gè sivil k ap mennen nan yon jenosid».

Se pa t fini, bandi yo anvayi pi gwo stad foutbòl Ayiti a, ki se Staf Sylvio Cator. Yo boule biwo OAVCT (2 mas), lopital Saint François de Salles (4 mas).

Bandi anvayi, piye, kraze epi boule divès komisarya ak sou-komisarya ki nan zòn sa yo nan depatman Lwès la: Pòtay Lewogàn (29 fevriye), Bon Repo (29 fevriye), Dèlma 3 (29 fevriye), Kabarè (3 mas), Kafou Ayewopò (4 mas) ak Mache Salomon ki se dènye an dat la, bandi yo anvayi li yè swa mèkredi 6 mas 2024 la.

Pou kounye a, genyen sèlman 2 komisarya ki rete kanpe nan zòn Sant vil Pòtoprens lan ki se komisarya Pòtoprens ak sou-komisarya Kanapevè a.

N ap raple, nan dat 25 septanm 2023, bandi ki soti nan gang 5 Segond/Kanaran/Titanyen ki ap opere nan depatman Lwès, te anvayi komin Sodo, kote yo te mete dife nan komisarya a.

Finalman, ki pwochen sib «Viv Ansanm?» Ki pwochen diskou Elbé ap prepare pou peyi a ?

Sérondier LOUISIA, Centre à la UNE

By Sérondier Louisia

Sérondier LOUISIA se yon Ayisyen otantik, yon Inivèsitè ki fè Syans Edikasyon ak Lekòl Nòmal Siperyè, ki etidye Filozofi ak Lèt. Li se Anseyan, Sansè, Jounalis, Chèchè, Enfòmatisyen...