M se yon jèn gason ki soti Pernier, m fè anpil efò pou m pa tonbe nan sa k pa sa, mwen ede peyi m atravè talan mwen

Roberto Baggio Louima, yon jèn foutbòl Ayisyen ki t ap evolye nan « Violette AC », te ki kite Ayiti pou ale jwe nan « Moca FC », yon klèb an R. Dominikèn, aprè Violette te prete klèb la jèn talan Ayisyen an. Roberto te sove pandan klèb Dominiken an te ale jwe yon match Ozetazini. Aprè anpil kritik, byen ta jedi 7 mas 2024 la, jwè a eklèsi gran piblik la.

«M salye chak grenn moun ki pral gen chans li mesaj sa. E nan moman difisil sa, m voye yon mesaj pozitif pou tout konpatriyòt mwen yo k ap soufri an Ayiti.

Depi plizyè jou, non m ap fè aktyalite sou rezo yo, e m kwè li enpòtan pou m di yon bagay. Nan mwa fevriye 2024 la, Moca FC te prete m nan men Violette AC pou m jwe pou yo.

Se te tout yon plezi pou m te al jwe pou yo, men lè m rive, kondisyon ki te sou tab la nan moman m t ap siyen an pa t respekte. M te konn ap mache a pye pou m al antrene 2 fwa pa jou, m pa t nan bon kondisyon lojman tou. M te mande amelyorasyon, e bagay yo pa t ale janm te swete a, e m te deja gen nan plan m pou tounen nan peyi m.

Men, kòm m te deja an konsantrasyon pou Lig dè Chanpyon an, ki se youn nan konpetisyon m toujou kontan jwe, m te nan yon pozisyon de « REZIYASYON » jis pou m te ka reyalize rèv sa yon fwa ankò. Mwen jwe 2 match yo kont Nashville, e malerezman ekip la elimine aprè sa.

Gen kèk bagay m pa swete pale, men retounen pou m al jwe LDF la pa t yon opsyon pou mwen, e se youn nan bagay ki esplike chwa mwen an.

M se yon jèn gason ki soti Pernier, m fè anpil efò pou m pa tonbe nan sa k pa sa, mwen ede peyi m atravè talan mwen, men se domaj m pa jwenn apresiyasyon m te swete yo.

M pa t dwe esplikasyon, men m kwè l te enpòtan pou m te di yon mo.

Opinyon n ap veyikile sou rezo sosyal yo pa chanje anyen nan lavi foutbolè yo. De jou an jou sa vin pi mal, e se nou menm ankò ki pou soti tèt nou. Pou m fini, m ap di nou m renmen nou tout e m kwè Ayiti p ap peri.

Roberto Baggio Louima🙏🏿🇭🇹

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841