Nan yon entèvyou li akòde ak BBC jounen samdi 9 mas 2024 la, ansyen senatè eli Guy Philippe, deklare li pa genyen «koneksyon pwofon» ak gang yo, epi li pa dèyè vyolans k ap pwodui an Ayiti nan moman sa yo. Guy ajoute li swete bay yon «amnisti» ak lidè gang yo, toutfwa li ta pran pouvwa a.

Poze li kesyon èske li swete pote l kandida pou prezidan an Ayiti, Guy Philippe reponn pou di wi! Li ajoute li se yon ansyen senatè eli, pèp li te vote l, wi, li prale nan eleksyon ankò.

Prezidan Dominiken an, Luiz Abinader, deklare pm Ariel Henry «persona non grata» samdi 9 mas 2024 la

Guy fè konnen depi li prezidan, l ap chache mete relasyon Ayiti ak pisans tankou Etazini sou yon baz egal, e li kritike sipò entènasyonal li di ki te kenbe Henry Henry sou pouvwa a. «Si Ayiti se kote li ye jodi a, se an pati gras a ak kominote entènasyonal la,» li te ajoute.

Kontrèman ak lidè gang G-9 la, Jimmy Chérisier Barbécue te anonse sa semèn pase a, Guy Philippe di li pa panse pral genyen yon «gè sivil» ann Ayiti.

Finalman, li konkli pou adrese li ak Mezon Blanch : «Mwen konnen Ameriken yo ki deside tout bagay isit la pral gen ase sajès pou konprann Ayisyen vle yon lòt kalite chanjman.»

Sérondier LOUISIA, Centre a la UNE

By Sérondier Louisia

Sérondier LOUISIA se yon Ayisyen otantik, yon Inivèsitè ki fè Syans Edikasyon ak Lekòl Nòmal Siperyè, ki etidye Filozofi ak Lèt. Li se Anseyan, Sansè, Jounalis, Chèchè, Enfòmatisyen...