Yon tèks de Jefferson BONISSANT, Etidyan nan diplomasi, jounalis

Nan yon entèvyou li akòde ak BBC nan dat 9 mas 2024 la, ansyen senatè eli depatman Grandans lan, Guy Philippe, deklare li pa genyen «koneksyon pwofon» ak gang yo, epi li pa dèyè vyolans k ap pwodui an Ayiti nan moman sa yo. Toutfwa, ansyen chef rebèl la ajoute li swete bay yon «amnisti» ak lidè gang yo, si li ta pran pouvwa a

Paralèlman, gen de chwa depi endividi a fè, pa gen re-entegrasyon sosyal pou li. Menm jan, gen de tò yon gwoup moun koze ak yon sosyete, pa gen padon posib pou li. Amnisti p ap rezoud kriz la, sinon l ap montre aklè pouvwa ak pisans nèg ak zam, epi favorize plis moun pran vwa sa a, answit kite yon move antesedan istorik. ki donk, pale de amnisti, se yon banalizasyon total de lavi moun, an menm tan yon adousisman inimen de kriminalite.

Sepandan, li evidan fòk gen konpwomi ki fèt pou tabli yon konsansis nan sa k gen pou wè ak kriz la, notamman nan aspè konjonktirèl li, menm jan tou pa dwe gen konpwomisyon sou sa ki karakterize esans, nòm ak valè sosyete a, sitou sou lavi moun.

Pou n anvizaje oubyen bati yon pwojè sosyete fyab ak viyab, gen de bagay fòk yo se kondisyon sinekwanoum tankou:

1) Jistis sosyal
2) Egalite chans
3) Yon pi bon repatisyon richès pou n site sa yo senpleman.

Sepandan, evidans lan klè nan sa k gen pou wè ak kolaborasyon oubyen ko-abitasyon posib ant bouwo ak viktim, menm jan tou anvizaje chanjman ak kreyatè kriz yo, ak moun k ap pwofite de kawo a, s on aberasyon.

Ekwasyon an senp pou genyen stabilite, sekirite ak chanjman, fòk nou koupe fache ak yon ansanm vye pratik e menm jan tou fòk nou elimine tout obstak ki anpeche n tabli pwosesis ki pou pèmèt nou abouti ak devlopman an.

Jefferson Bonissant, Centre à la UNE

By Sadrax Ulysse

Sadrax ULYSSE diplomé en communication journalisme et en sciences du développement. Certifié par: Université laval Canada en développement durable et Université Shangor. Certifié en journalisme par: UNESCO, OIF, Ruters insititut....