Pandan pi gwo priyorite Etazini an AYITI se Ameriken yo, prezidan Nayib Bukele vle fè de Ayiti youn nan priyorite peyi Salvadò

Maten dimanch 10 mas 2024 la, divès elikoptè militè Ameriken debake nan Pòtoprens, jan sa te anonse a. Objektif yo se evakye yon pati nan pèsonèl la, puiske anbasad la toujou ap fonksyone, epi sekirize espas la kont tout atak parapò ak vyolans gang yo an Ayiti.

Men anbasadè a ekri sou kont X li jodi dimanch lan: «Anbasad Etazini ann Ayiti ap rete louvri. Ogmantasyon vyolans gang yo nan anviwon anbasad amerikèn nan ak ayopò a pouse Depatman Deta pran dispozisyon pou kèk lòt anplwaye anbasad la kite peyi
a. Tout moun k ap vini ak tout sa ki prale yo se anplwaye gouvènman ameriken an.»

Anbasadè a kontinye pou di «Depatman Deta ameriken toujou ap pran mezi ki adapte pou tout anbasad ak konsila nou yo atravè mond lan, selon misyon li, epi kondisyon sekirite ak sanitè nan peyi kote yo ye a.

Prezidan Salvadò a, Nayib Bukele, di li prè pou ede Ayiti fini ak pwoblèm gang yo

Diplomat la konkli piblikasyon an ak mo sa yo: «Pi gwo priyorite nou se sekirite sitwayen Ameriken yo ki aletranje.»

N ap note, diplomat ki soti nan plizyè peyi a ak òganizasyon, oblije kite peyi Ayiti dimanch sa a. Parapò ak gwo kriz peyi a ap konnen dènye jou sa yo, peyi Almay, Etazini, R. Dominikèn ak Inyon Ewopeyèn evakye diplomat yo an Ayiti. Yon lòt kote, Kanada di lè a pa ko rive pou evakye diplomat li yo, l ap swiv sitiyasyon yo toujou.

Poutan, dimanch 10 mas 2924 la, Prezidan Salvadò a Nayib Bukele, deklare peyi li a kapab ede Ayiti ak pwoblèm ensekirite a : «Nou ka ranje li. Men, n ap bezwen yon rezolisyon Konsèy Sekirite Nasyonzini, konsantman Ayiti ak frè k ap kouvri tout depans misyon an,» se sa Nayib ekri sou kont X li. N ap raple, 25 mas 2023 vis prezidan peyi Salvadò a, Felix Ulloa, te anonse yo pral ouvri yon biwo Ayiti, suit ak yon akò yo te jwenn ak Ariel Henry.

Finalman, Etazini klè! Pou tout sitwayen ki panse Tonton Sam pral ede Ayisyen soti nan yo ye a, anbasad amerikèn ann Ayiti deklare priyorite yo se sèlman enterè yo.

Sérondier LOUISIA, Centre à la UNE

By Sérondier Louisia

Sérondier LOUISIA se yon Ayisyen otantik, yon Inivèsitè ki fè Syans Edikasyon ak Lekòl Nòmal Siperyè, ki etidye Filozofi ak Lèt. Li se Anseyan, Sansè, Jounalis, Chèchè, Enfòmatisyen...