Madi 11 mas 2024 la, nan yon vidéo ki dire 2:33 segond, premye minis Ayisyen an, Dr Ariel Henry, anonse demisyon li nan tèt primati a, pandan li pa nan peyi a. Li fè konnen l ap remèt pouvwa a bay yon konsèy prezidansyèl 7 manm k ap gen pou chwazi yon premye minis ak rès manm gouvènman an. An atandan gouvènman Ariel an ap toujou likide afè kourant, jiskaske gouvènman tou nèf la monte.

Dapre yon responsab Depatman d Eta, apre 7 h negosyasyon ant 40 pati prenant Ayisyen ak lidè CARICOM yo, Ayisyen yo te antann yo ak Sekretè Blinken plis CARICOM sou konpozisyon yon konsèy tranzisyon prezidansyèl ak prensip ki va dirije kiyès ki ka fè pati konsèy la. Responsab la di konsèy presidansyèl la ap gen reprezantan: Sektè Prive a, Gwoup Montana a, Fanmi Lavalas, Kolektif, Pitit Dessalines, EDE, Ako 21 Desanm. Sektè relije a ak sosyete sivil la va gen wòl kòm obsèvatè ki pa vote.

Prezidan Guyana te konfime demisyon an pandan yon konferans pou laprès ki te dewoule nan konklizyon Rankont Wo Nivo a, kote li te li yon deklarasyon pou anonse rezilta rankont la.

12 mas 2024 la make 3 lane depi bandi nan Vilaj de Dye te touye 5 polisye Ayisyen nan kad yon misyon

PM Henry koube anba presyon entènasyonal kote divès peyi ap eseye evite gang vyolan pran kontwòl peyi a epi deklanche yon lagè sivil.

Misye se premye minis ki pase plis tan sou pouvwa a depi Ayiti te apwouve konstitisyon an an 1987. Li anonse nouvèl la anvan solèy leve Madi, kèk èdtan apre lidè Karayibeyen ak Sekretè d Eta ameriken Antony Blinken te rankontre Jamayik pou diskite an tout ijans yon solisyon pou anpeche Ayiti degringole pi plis.

PM Henry bloke Pòtoriko kounye a, paske li pa ka tounen Ayiti, kote zak vyolans yo lakoz prensipal vwa entènasyonal yo fèmen.

Sadrax Ulysse, Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841