Lendi sa a, reprezantan akò 21 desanm 2022 yo (alye Ariel Henry) finalman jwenn yon konsansis ak doktè Louis Gérald Gilles pou reprezante yo nan Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an, selon le Nouvelis.

Akò 21 desanm nan te sou wout pou kraze plat aprè Ariel Henry fin tonbe. Se tèlman vrè, yo pa t janm ka antann yo pou jwenn yon reprezantan pou Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an. Se non lidè pati NOULAH a, doktè Louis Gérald Gilles, ki ale jwenn CARICOM après negosyasyon entans yo. N ap note, CARICOM te gentan prezante lis 5 manm li chwazi yo.

Levaillant Louis Jeune ak Vikerson Garnier oblije retire kò, pou pèmèt ansyen senatè Gilles konplete lis CARICOM nan ak 6 reprezantan.

Dimanch 17 mas 2024 la, ansyen anbasadè Ameriken an Ayiti, Pamela White, di gang yo ak Guy Philippe ta dwe nan solisyon Ayiti a

De (2) kandida yo endike yo te pran desizyon sa aprè yon konsansis trè laj nan blòk majoritè ak minorite yo nan dat 21 desanm 2022, nan objektif pou fasilite avansman nan pwosesis fòmasyon konsèy prezidansyèl la, nan yon lèt yo voye lendi sa a bay CARICOM.

Pou kounye a, se sèlman ranplasman Pitit Desalin nan ki rete, puiske Moïse Jean-Charles te refize patisipasyon pou konplete Konsèy la. Selon rapò, yon reprezantan nan sektè relijye a ta ka ranpli vid sa a, men legliz katolik lave men l nan sa.

Finalman, daprè yon pòt pawòl Depatman Deta Ameriken, Konsèy Prezidansyèl la ta ka pare lendi 18 mas 2024 la.

Sérondier LOUISIA, Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon ajans an liy ki bay nouvèl nan tout rakwen peyi Dayiti ak rès Mond lan. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841