Fòs GSF fè konnen mèkredi 14 oktòb 2026, li kontinye mennen operasyon nan plizyè zòn nan peyi a pou limite mouvman gang ame yo, sekirize espas estratejik yo epi fasilite popilasyon an reprann kontwòl espas sa yo.

« Objektif nou se sekirize zòn estratejik yo, limite mouvman gang yo epi remèt espas sa yo bay popilasyon an », se deklarasyon Brigadye Jeneral Elon Clarke, kòmandan adjwen fòs la.

Dapre enfòmasyon GSF la pibliye, operasyon sa yo ap fèt an kolaborasyon ak Polis Nasyonal d Ayiti (PNH) ak Fòs Ame d Ayiti (FAd’H). Fòs la fè konnen entèvansyon sa yo vize pwoteje enfrastrikti enpòtan yo, amelyore sikilasyon moun ak machandiz epi ranfòse sekirite nan zòn estratejik yo.

GSF la site operasyon nan depatman Latibonit, Tabarre ak Site Solèy, pami aksyon k ap antre nan estrateji li pou kontribye nan retablisman estabilite a epi soutni kominote ki afekte yo.

Nan yon videyo repòtaj, fòs la prezante operasyon li yo, difikilte li rankontre sou teren an ansanm ak objektif li nan kad misyon sekirite li ap mennen ann Ayiti.

Pou kounye a, enfòmasyon sa yo soti nan kominikasyon GSF la; yo prezante objektif ak operasyon fòs la deklare l ap mennen.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841