Minis Defans Ayisyen an, Mario Andrésol, ki te vizite Plato Santral jedi 2 avril 2026 la pou evalye sitiyasyon sekiritè a nan rejyon an kote laperèz pa sispann ogmante nan mitan popilasyon an, te fè depatman an plizyè pwomès ki, malerezman pa ankò bay okenn siy pou reyalize.
Pandan vizit sa a, minis Mario Andrésol te fè konnen y ap voye plis sòlda nan zòn wouj yo nan depatman Sant. Li te deklare tou yon premye gwoup militè ap deplwaye apati lendi 6 avril 2026 la pou vin sipòte zòn lapolis deja kontwole yo, epi anvan fen mwa avril 2026 la, plizyè santèn militè pral mobilize pou ranfòse sekirite a nan rejyon an.
Malgre reyinyon travay ki te òganize ak otorite lokal yo sou kesyon sekirite nan Mibalè ak Sodo, kote patisipan yo te mete aksan sou enpòtans pou amelyore kowòdinasyon ant diferan fòs ki sou tèren an epi ranfòse mezi sekirite ki deja anplas yo, yon (1) mwa aprè vizit minis defans lan nan Plato a, okenn moun pa remake ni prezans santèn militè yo te anonse yo, ankò mwens amelyorasyon nan nivo tansyon sekirite a nan rejyon an.
N ap raple, se pa premye fwa minis Mario Andrésol ap fè fo pwomès. Nan dat mèkredi 7 janvye 2026, alòske li te Sekretè Deta ak Sekirite Piblik, Mario Andrésol te garanti peyi a anvan 7 fevriye 2026 wout gran Nò ak gran Sid yo ap louvri. Li te deklare sa sou radyo Magik9, nan emisyon « Panel Magik ».
Jacky M. Fontaine, Centre à la UNE