_San akonpayman pouvwa santral ki dwe ba yo materyèl nesesè pou sa, responsab troup yo nan Mibalè « swete » libere Plato Santral anba kontwòl bandi viv ansanm yo_
Nan vil Mibalè, kèk polisye ki nan wozo plaza ki pale ak Centre à la UNE fè konnen samdi 2 me 2026 la make plizyè jou depi yo ap tante kraze barikad bandi yo te monte, barikad ki anpeche fòs lòd yo antre nan sant vil la pou deloje bandi sa yo. Desizyon sa a pran, selon divès ajan PNH, anba lòd kòmandan Belo ak rès responsab yo ki toujou prezan sou chan batay la bò kote ajan tèren yo.
Nan kad echanj jounal Centre à la UNE genyen ak diferan polisye ki konpoze fòs lòd yo ki sou tèren batay la, men sa yo di nou:
» Nou genyen yon semèn depi nou ap goumen chak jou pou nou kraze yon barikad epi ale kraze lòt, sa k ap pèmèt nou deloje bandi yo nan yon moman rekò. Se vrèman trè difisil pou nou, puiske bandi yo mete anpil fè ak siman nan barikad yo.
Siperyè yerachik nou yo nan wo kòmandman PNH osnon DDC pa ban nou okenn materyèl ki kapab kraze barikad yo, malgre nou prezante yo tout sa nou gen bezwen pou rive atenn objektif nou: mete bandi yo deyò, epi pèmèt pezib sitwayen yo retounen ale viv lakay yo jan sa te ye avan.
Li klè Leta a pa ko sou libere Mibalè. Pa egzanp, pou nou rive fè ti pwogrè sa yo nan pran kèk espas epi tante kraze batikad yo, se gras ak yon ti materyèl yon patiklye (sivil nan ekip la) plase nan do blennde ki te Sodo a. Malgre sa, se pa bon li bon an reyalite. Men, responsab yo tankou kòmandan Belo ak Dji di yo kwè nou kapab jwenn yon fòmil pou nou rive sove Plato Santral nan sa bandi yo mete li a, ki donk nou dwe vanse. » Se sa polisye nou pale yo di nou.
Toujou daprè fòs lòd yo, se anba gwo kout bal ak koktèl moloktòv bandi yo y ap goumen chak jou pou wè kijan yo ka pote yon amelyorasyon pou popilasyon an ki deja genyen plis pase 1 lane ap soufri nan komin ki avwazine Mibalè ak Sodo yo.
Se vre yo pa ko kabab ede popilasyon an retounen lakay li parapò ak konpleksite sitiyasyon an, men yo toujou ap batay pou sa, yon fason pou valorize wòl pa yo ki se sèvi ak pwoteje sitwayen yo.
Polisye ak tout sivil ki akonpanye yo fè konnen yo detèmine epi prè pou sa, yon fwa leta Ayisyen ba yo materyèl yo mande yo, sa p ap pran anpil tan pou yo deloje bandi yo, pèmèt abitan yo retounen lakay yo, epi reprann tout aktivite yo jan sa te ye avan malfra yo te pran espas la ann otaj.
Plizyè polisye anonse semèn sa a yo ap gen pou antre Mibalè, nan sousi pou vini ranfòse twoup ki deja la yo, toujou nan objektif pou libere Mibalè.
Finalman, pou rimè k ap sikile depi semèn nan, fòs lòd yo fè konnen de prè, ni de lwen bò kote siperyè yerachik yo, yo pa okouran de okenn negosiyasyon ak bandi kriminèl Mibalè yo. E dayè, yo menm yo kontinye fè travay yo, nan gade kisa yo dwe fè pou popilasyon an retounen ale viv lakay li.
Bandi viv ansanm yo pran kontwòl Mibalè depi 31 mas 2025, nan kèk èd tan aprè yo te atake vil la atravè Trianon, kote tout polisye ki te sou plas nan moman an te kouri, epi abandone espas la bay bandi yo.
Sérondier LOUSIA, Centre à la UNE