Gen liv ou li, ou fèmen yo, epi lavi kontinye menm jan. Men genyen lòt liv ki pa kite lespri w anrepo. Liv ki pa sèlman rakonte listwa, men ki deside antre an konfli ak li. Liv ki poze kestyon anpil moun pa vle tande. Liv ki chèche retire vwal sou verite yo abitye kache anba diplomasi, anba ipokrizi entènasyonal, oubyen anba pwopagann istorik. Se nan kategori sa a liv Haïti, le prix d’avoir brisé les chaînes pa Mondy Methelus plase tèt li.

Depi premye paj yo, otè a pa kache entansyon li. Li pa vin mande pèmisyon pou pale. Li pa vin fè literati pou dekore bibliyotèk. Li vini ak yon akizasyon istorik. Yon akizasyon kont sistèm entènasyonal ki, daprè li, pa janm padone Ayiti paske li te oze fè sa okenn lòt pèp esklav pa t fè nan epòk la, kraze sistèm esklavaj la, bat lame Napoléon, epi kreye premye repiblik nwa endepandan nan listwa limanite.Nan yon epòk kote anpil moun repete fraz :Ayiti se peyi ki pi pòv nan emisfè oksidantal la, Mondy Methelus fè yon bagay enteresan anpil, li atake menm fason kestyon an poze a.

Pou li, « Ayiti pa pòv », « Ayiti appauvri”. Sa vle di yon peyi yo fè vin pòv atravè desizyon politik, ekonomik ak jeyostratejik sou plizyè syèk. E diferans ant de mo sa yo pa piti ditou. Youn ta vle fè kwè mizè a natirèl, lòt la montre gen responsab, gen sistèm, gen enterè dèyè sa. Liv la genyen douz chapit, men an reyalite se tankou douz pyès nan yon gwo dosye istorik otè a mete devan lektè a.

Li pran kestyon dèt endepandans 1825 la, kote Lafrans te fòse Ayiti peye 150 milyon fran-lò anba menas kanon. Li antre sou kestyon okipasyon ameriken 1915 la. Li pale sou kestyon destriksyon ekonomi peyizan an, kestyon kochon kreyòl yo, kestyon èd entènasyonal apre tranblemanntè 2010 la, kestyon ONGizasyon peyi a, kestyon manipilasyon politik entènasyonal yo, ansanm ak kestyon depandans ekonomik ak diplomatik ki toujou ap peze sou peyi a jounen jodi a.

Sa ki fè liv sa frapan, se pa sèlman kestyon enfòmasyon li pote yo. Se ton li. Mondy Methelus ekri ak kòlè, men yon kòlè ki reflechi. Yon kòlè ki chaje kestyon istorik, kestyon moral ak kestyon politik. Li pa ekri tankou yon moun kap plenyen sèlman. Li ekri tankou yon moun ki vle fòse lektè a poze kestyon li pa t konn poze anvan. E se la liv la vin enteresan anpil pou jenerasyon jodi a. Paske anpil jèn ayisyen grandi san yo pa vrèman konprann relasyon ki genyen ant listwa peyi a ak kriz li ap viv jounen jodi a. Yo wè mizè a, yo wè dezòd la, yo wè ensekirite a, men yo pa toujou wè rasin istorik kestyon sa yo.

Liv sa a eseye fè lyen sa a. Li eseye montre kijan anpil nan pwoblèm aktyèl yo pa soti sèlman nan move jesyon lokal, men tou nan yon long listwa pinisyon ekonomik, izolasyon diplomatik ak enterè entènasyonal.Natirèlman, tankou tout liv angaje, tout moun pap dakò ak tout analiz li yo. E sa nòmal. Yon liv serye pa oblije fè tout moun alèz. Okontrè, pafwa se kestyon li poze yo ki fè valè li. Paske yon sosyete ki pa kestyonnen listwa li fini pa tounen prizonye pwòp repetisyon li yo.Nan yon moman kote kestyon reparasyon istorik, kestyon kolonyalis, kestyon souverènte ak kestyon diyite pèp yo ap tounen nan gwo deba entènasyonal yo, liv sa rive nan yon moman enpòtan anpil.

Li rantre nan yon mouvman refleksyon ki depase Ayiti sèlman. Paske kestyon otè a poze a finalman inivèsèl : Kisa yon pèp peye lè li deside pran libète li?Èske sistèm entènasyonal la vrèman padone pèp ki kraze lòd li te tabli yo? E kijan listwa kontinye enfliyanse relasyon ant gwo pouvwa yo ak ti peyi yo jounen jodi a?

Liv la disponib sou Amazon, epi li deja kòmanse fè anpil pale nan mitan entelektyèl, jounalis ak manm dyaspora ayisyèn nan. Se nan okazyon 2èm edisyon Foire Haïtienne à Paris ki te fèt 14 Me 2026 , Centre à la Une te opòtinite rankontre Mondy Methelus pou pale sou liv sa a, sou kestyon memwa istorik Ayiti, sou kestyon souverènte ak sou wòl literati angaje nan sosyete jounen jodi a. Paske finalman, Ayiti, ap peye pri dèske li te kraze chenn yo pa sèlman yon liv sou pase a. Se yon liv sou prezan an. E petèt tou sou avni an.

By Jean Launy Avril

Je suis un guerrier de la vieille école. Nou fòme nan Syans Jiridik , Filozofi , Antropoloji sosyal e Syans Politik ak metriz nou nan Syans Sosyal domèn dwa moun ak demokrati .Nou se konsiltan plizyè medya entènasyonal nan kad dosye Ayiti yo . Aktivman angaje nan rechèch nan domèn istwa entènasyonal, jeyopolitik e konfli pi presizeman istwa kontanporèn nan '"Nantes Université'" peyi LaFrans. Apwòch nou yo entèdisiplinè ki konbine metodoloji syantifik, kritik achiv ak refleksyon sou memwa kolektif. Nou se manm fondatè et Direktè jeneral jounal "Centre à la UNE". Mail: jean.launy.avril@mi.unc.edu.ar