Rankont ant Donald Trump ak Xi Jinping lan depase kestyon yon senp vizit diplomatik. Dèyè souri yo, drapo yo ak pawòl pwotokòl yo, se yon gwo lagè enfliyans mondyal k ap jwe an silans. Pou Lachin, moman sa a pa sèlman yon reyinyon ant de chèf deta; li vle sèvi kòm senbòl nesans yon nouvo epòk kote Pekin ap parèt tankou yon puisans solid, disipline ak souverèn devan yon Amerik ki sanble ap febli anba pwòp kriz li yo, divizyon entèn li yo ak lagè li yo.
Depi plizyè lane, Lachin ap avanse avèk yon estrateji frèt, pasyan ak byen kalkile.
Pandan Etazini souvan itilize fòs militè, entèvansyon ak presyon diplomatik pou kenbe dominasyon li, Pekin chwazi yon lòt chemen, ekonomi, teknoloji, enfrastrikti ak komès mondyal. Lachin pa sèlman vle fò; li vle tounen yon peyi mond lan pa kapab evite. Se konsa li ap antre nan pò, min, entènèt, teknoloji, dèt ak pwojè devlopman nan plizyè kontinan. Se pa sèlman yon ekspansyon ekonomik; se yon fason pou konstwi yon nouvo lòd mondyal.
An menm tan, Etazini bay enpresyon yon anpi ki fatige. Lagè ki dire twò lontan yo, tansyon sosyal yo, gwo divizyon politik yo ak kriz entènasyonal yo fè anpil moun nan mond lan santi Washington pa gen menm kapasite li te genyen avan an. Lagè nan Mwayen Oryan, kestyon Iran, konfli entèn ak pwoblèm ekonomik yo vin sèvi kòm siy feblès yon sistèm ki te konn prezante tèt li kòm modèl dominasyon absoli.
Men fòk nou pa tonbe nan ilizyon fasil. Lachin pa sèlman ap konstwi yon gwo ekonomi, li ap konstwi yon lòt modèl politik tou. Yon modèl kote Leta gen plis kontwòl, kote estabilite parèt pi enpòtan pase libète endividyèl, kote teknoloji sèvi kòm zouti siveyans ak jesyon popilasyon an. Se sa ki fè kestyon an vin pi gwo pase kestyon ekonomi sèlman, èske mond lan ap soti nan yon sistèm oksidantal pou antre nan yon sistèm ki pi otoritè, plis santralize ak plis teknolojik?
Sa ki fè anpil peyi admire Lachin jodi a, se kapasite li genyen pou panse sou lontan. Pandan anpil demokrasi ap viv sou rit eleksyon ak enterè kout tèm, Lachin ap planifye sou plizyè dizèn lane. Li envesti nan entèlijans atifisyèl, edikasyon, enèji, matyè premyè ak gwo pwojè mondyal avèk yon disiplin estratejik ki ra nan politik entènasyonal jodi a.
Men malgre tout sa, li twò bonè pou di Etazini fini nèt. Amerik toujou rete yon gwo puisans militè, ekonomik, teknolojik ak kiltirèl. Men yon sèl bagay vin klè, dominasyon oksidantal la pa san kontestasyon ankò. Mond lan ap antre piti piti nan yon nouvo faz kote plizyè gwo puisans ap goumen pou enfliyans, mache ak kontwòl estratejik.
Vrè kestyon an pa menm si Lachin vle domine mond lan. Tout gwo puisans nan listwa toujou chèche elaji enfliyans yo. Vrè kestyon an se pito, ki kalite mond rivalite sa a pral kreye? Yon mond koperasyon ak ekilib, oubyen yon mond divize an blòk, kote lagè ekonomik, teknolojik ak diplomatik ap vin nòmal?
Paske dèyè foto diplomatik yo ak bèl seremoni yo, se petèt figi XXIe syèk la menm k ap pran fòm devan je nou.
*Jean Launy AVRIL, Editoryalis -Centre à la Une*