Nan yon peyi kote pèp la ap soufri anba grangou, ensekirite, deplasman fòse ak absans Leta, kestyon sou wòl kèk òganizasyon ki di y ap defann “dwa moun” vin de pli zan pli lou. Paske gen yon gwo diferans ant defann dwa moun ak fè komès ak doulè pèp la. Jodi a, pou anpil sitwayen, sektè sa a pa parèt ankò tankou yon espas net ak angaje pou jistis; li kòmanse sanble ak yon gwo machin enfliyans ki antre nan tout sos, ki mele nan tout kestyon politik, e ki pafwa bay enpresyon li plis konekte ak enterè entènasyonal pase ak reyalite pèp ayisyen an.
Pawòl la di yo endepandan. Men kestyon anpil moun ap poze se: endepandan de kiyès? Paske chak fwa gen kriz politik, tranzisyon, eleksyon oswa tansyon diplomatik, menm figi yo toujou parèt tankou jij moral peyi a. Yo distribye rapò, etikèt, sanksyon moral ak politik, pandan pèp la menm kontinye ap viv san pwoteksyon reyèl. Nan je anpil moun, yo vin sanble ak yon “machann zen”: yo antre tout kote, yo konnen tout moun, yo pale sou tout dosye, epi yo toujou jwenn yon fason pou rete pwòch sant pouvwa a.
Sa ki pi grav, se lè sektè sa yo bay enpresyon yo pi rapid pou defann enterè gwo patnè entènasyonal yo pase diyite pèp ayisyen an.
Lè gen kestyon sou souverènte, sou entèferans etranje, sou presyon diplomatik, silans yo souvan pi fò pase deklarasyon yo. Men lè se kestyon politik entèn lokal yo, yo toujou premye sou sèn nan. Sa kreye yon gwo kriz konfyans. Paske dwa moun pa dwe sèvi kòm zouti pou fè kolon modèn yo plezi, ni kòm yon mwayen pou jwenn finansman, vizibilite oswa enfliyans.
Sa pa vle di batay pou dwa moun pa enpòtan. Okontrè. Men lè prensip yo kòmanse aplike ak de mezi, lè kèk viktim gen plis valè pase lòt, lè diskou a pa mache ak reyalite teren an, kestyon yo vin lejitim. Yon òganizasyon dwa moun ki pa gen menm sansiblite pou tout soufrans pèp la, ki pa denonse tout fòm dominasyon ak abi menm jan, riske pèdi kredibilite li kòm vwa moral.
Ayiti bezwen defansè dwa moun, wi. Men li bezwen yo lib, konsekan, ak fidèl ak enterè pèp la an premye. Paske lè dwa moun vin tounen yon espas enfliyans politik olye yon espas jistis, li sispann sèvi viktim yo, li kòmanse sèvi sistèm nan.
*Jean Launy AVRIL,Editoryalis & DG Centre à la Une*