Gen yon bagay k ap frape lespri nenpòt moun ki pran tan pou obsève sosyete a avèk frèt ak refleksyon: nou tande anpil bèl pawòl sou chanjman, sou revolisyon mantalite, sou jistis ak transparans, men lè nou gade fason anpil nan menm moun sa yo ap viv, ap aji oubyen ap jere relasyon yo ak pouvwa, nou wè yon lòt reyalite. Gen yon gwo diferans ant sa yo di ak sa yo fè. E se la kestyon an vin lou: èske chanjman an se yon konviksyon reyèl, oubyen se jis yon pyès teyat sosyal ak politik?
Jodi a, “chanjman” vin tounen youn nan mo ki pi itilize nan diskou piblik yo. Tout moun vle parèt kòm moun ki angaje, ki pwogresis, ki vle transfòme sistèm nan. Men anpil fwa, depi yo jwenn yon ti pouvwa, yon ti avantaj, oubyen yon enterè pèsonèl, yo rekòmanse menm pratik yo t ap kritike yè yo. Yo pale kont koripsyon pandan y ap pratike favoritism. Yo pale de inite pandan y ap simen divizyon. Yo denonse enjistis pandan y ap fèmen je sou sa ki favorize yo. Konsa, diskou a vin tounen yon mask, pa yon prensip.
Sa montre yon pwoblèm ki pi pwofon pase kestyon politik sèlman. Pwoblèm nan se kestyon etik ak kilti sosyal nou devlope. Paske yon sosyete pa chanje sèlman ak slogan, ni ak gwo deklarasyon sou rezo sosyal oubyen nan mikwo. Li chanje lè moun yo kòmanse viv sa yo ap mande lòt moun pratike. Lè aksyon yo mache ak pawòl yo. Sinon, nou antre nan yon sik ipokrizi kolektif kote pèp la fini pa pèdi konfyans nan tout bagay.
Pi gwo danje a se lè moun renmen imaj chanjman an plis pase chanjman an menm. Yo renmen parèt kòm revolisyonè, kòm moun ki “reveye”, kòm defansè pèp la, men yo pa pare pou sakrifis, disiplin ak konsekans yon vrè transfòmasyon mande. Se poutèt sa anpil mouvman kraze vit, anpil espwa mouri bonè, paske fondasyon yo pa t bati sou konviksyon, men sou aparans.
Verite a senp, men li deranje anpil: yon moun pa ka mande yon nouvo sosyete pandan li kontinye ap repwodui vye pratik yo nan lavi pa li. Chanjman reyèl la kòmanse nan konsyans, nan konpòtman, nan fason nou trete lòt moun, nan fason nou itilize ti pouvwa nou genyen. Sinon, nou pap janm soti nan menm sèk visye a.
Petèt se sa ki eksplike poukisa anpil pèp kontinye ap tande menm pwomès yo depi plizyè jenerasyon, san anyen pa chanje vrèman. Paske diskou fasil. Men viv sa w ap preche a, se sa ki pi difisil.
*Jean Launy AVRIL Editoryalis & DG Centre à la Une*