Gen jou ki pa senpman dat sou kalandriye; yo se memwa, yo se sakrifis, yo se batay ki make listwa limanite. 1e me, Jounen Entènasyonal Travayè yo, pa t janm fèt pou vin yon senp seremoni oswa yon okazyon pou fè bèl diskou. Se yon jounen ki pote nan li kri travayè yo, doulè yo, ak lit yo pou diyite. Men jodi a, nan peyi pa nou an, Leta, lekòl, menm inivèsite, pran jounen sa a, yo makiye li, yo vide sans li, epi yo redui li nan yon sèl mo agrikilti. Tankou si kestyon travay la te limite sèlman ak tè, tankou si tout konba travayè yo te ka disparèt dèyè yon slogan.


Men kestyon an klè, ki agrikilti nou ap pale la a menm? Kisa nou pwodui vre? Ki peyi nou ap bati? Pandan yap fè elòj agrikilti nan diskou, reyalite a montre yon lòt verite, vant peyi a depann de lòt peyi. Nou enpòte prèske tout sa nou manje. Pwodiksyon lokal la febli, òganizasyon pa egziste, sipò Leta pa la. Se pa agrikilti yap defann, se yon imaj yap vann. Se yon pawòl yap repete pou kouvri vid politik piblik yo.


Sa ki pi grav toujou, se wòl yon pati nan entèlektyèl yo ki vin tounen yon eko vid. Yo kontinye ap repete menm fraz yo, menm lide yo, san okenn refleksyon pwofon. Yo bliye ke dèyè 1e me, gen yon listwa ki lou, travayè ki te leve kont eksplwatasyon, ki te mande pou yo pa travay plis pase 8 èdtan pa jou, ki te goumen pou dwa sosyal, pou gen asirans sante, asirans chomaj, lojman diy, edikasyon pou pitit yo. Sa yo se pa detay, se baz jistis sosyal. Men jodi a, yo disparèt nan diskou yo, yo efase nan lespri kolektif la.


E medya yo? Radyo, televizyon, yo prèske pa janm pran tan pou mete kestyon sa yo sou tab la. Yo prefere fè pwogram ki lejè, ki pa deranje, ki pa poze kestyon. Yo redui jounen an nan kèk mo fasil, pandan yo evite antre nan nannan pwoblèm nan. Konbyen travay nou kreye nan peyi a? Ki kondisyon travayè yo ap viv? Ki pwoteksyon sosyal ki egziste? Ki plan pou ankadre jèn yo pou yo pa kontinye ap chèche imilyasyon lòt bò dlo?


Se la kestyon fyète a vin poze. Ki fyète nou genyen kòm peyi? Yon peyi ki pa pwodui, ki pa pwoteje travayè li yo, ki pa bay jèn li yo espwa, pa ka pale de fyète. Fyète pa soti nan diskou, li soti nan aksyon. Li soti nan kapasite pou kreye travay, pou bay moun diyite, pou konstwi yon sistèm kote travay pa yon soufrans, men yon mwayen pou viv ak respè.


1e me pa ta dwe yon mask. Li pa ta dwe yon teyat. Li ta dwe yon moman verite. Yon moman pou fè bilan, pou mande tèt nou ki kote nou ye, ki kote nou prale. Men tant ke nou kontinye ap itilize li pou kache echèk nou yo dèyè bèl pawòl, nou pap janm rive konprann sa li reprezante vre. E kestyon final la rete kanpe, lou, san repons:kijan yon peyi ka selebre travayè li yo, pandan li pa menm bay yo mwayen pou viv?

By Jean Launy Avril

Je suis un guerrier de la vieille école. Nou fòme nan Syans Jiridik , Filozofi , Antropoloji sosyal e Syans Politik ak metriz nou nan Syans Sosyal domèn dwa moun ak demokrati .Nou se konsiltan plizyè medya entènasyonal nan kad dosye Ayiti yo . Aktivman angaje nan rechèch nan domèn istwa entènasyonal, jeyopolitik e konfli pi presizeman istwa kontanporèn nan '"Nantes Université'" peyi LaFrans. Apwòch nou yo entèdisiplinè ki konbine metodoloji syantifik, kritik achiv ak refleksyon sou memwa kolektif. Nou se manm fondatè et Direktè jeneral jounal "Centre à la UNE". Mail: jean.launy.avril@mi.unc.edu.ar