Aprè gwo deba ki eklate sou rezo sosyal yo sou PPPD ki chita ak plizyè lòt Pati, an patikilye PHTK, pou anpil moun ki fè pati pwoblèm nan, 1e fevriye 2023 a, Jean-Charles Moïse fè konnen sou Scoop FM, depi se pou sove Ayiti, PPPD ap chita pale ak tout moun. Modèl yo se peyi Rwanda. Men, Pati a ap pran liy ideyolojik li lè li pral nan eleksyon pou pran pouvwa a.

Se nan emisyon «Haiti Debat», ki anime pa plizyè pèsonalite, youn ladan yo se Gary Pierre Paul Charles sou radyo Scoop FM, Jean-Charles Moïse tante bay divès esplikasyon sou prezans Pati Politik Pitit Desalin PPPD, nan lis Pati ki mete yon nòt deyò nan fen mwa janvye 2023 a, nòt ki siyen nan non lòt pati yo pa ansyen senatè Edgard Leblanc Fils, ki se kòdonatè jeneral Òganizasyon Pèp k ap Lite OPL.

Nan kad emisyon sila, Jean-Charles Moïse presize PPPD pa fè alyans ak okenn lòt Pati, yo jis mete tèt yo ansanm pou gade kouman yo kapab sove peyi a anba Ariel Henry. Pi lwen, ansyen senatè Nò a fè konnen ideyoloji Pati l ap dirije totalman diferan de divès lòt Pati ki siyen nan nòt la. Men pou Ayiti, yo tout aksepte mete divèjans yo de kote, pou gade avni peyi a, paske yo tout dakò Ariel pa gen okenn kote l ap ka mennen peyi a.

Sekretè Jeneral Pitit Desalin nan fè konnen PHTK fin kraze peyi a, se yo ki kontinye nouri tout gang ki la yo k ap teyorize popilasyon an, yo patisipe nan tout eskandal peyi a ap fè fas, yo nan koripsyon [….] Yon lòt kote, PHTK manke touye li plizyè fwa, zak baba sila pratikman sifi pou li pa janm antann li sou kesyon ideyoloji ak moun Tèt Kale yo. Paske, pou li, moun sa yo pa gen yon kote yo vle mennen peyi a, aprè trennen li nan labou, tankou fason yo fè l la a.

Lidè gochis la di li pran peyi Rwanda kòm modèl li, paske pou yo te sove peyi a, se diferans yo tout aktè yo te mete deyò, men tout Pati yo te toujou gade menm ideyoloji yo. Nan peyi Rwanda, yo ale nan mize ak li, kote yo montre l kantite abitan ki mouri nan kad gè sivil ki te toujou konn genyen nan peyi sila. Men jodi a, gras ak yon antant konjonktirèl ant divès Pati, peyi a konnen yon estabilite politik, ekonomik, sosyal, kiltirèl…

Jean-Charles Moïse fè konnen alyans konjonktirèl sila rete byen louvri pou tout lòt Pati ki vle Ayiti soti nan eta li ye la a. Sepandan, li presize fòk Pati sa yo pa nan konfyolo avèk Ariel Henry sou okenn fòm, paske gouvènman Henry a pa gen anyen li ka pote de bon pou Ayiti.

N ap raple, Divès Pati Politik tankou (UNIR, PPPD, KONTRA PÈP LA, GREH, PHTK, OPL, MOPOD, LAPEH) siyen yon nòt 30 janvye 2023 a, kote yo di yo met tèt yo ansanm, konjonktirèlman, pou pran divès desizyon, pami yo chache yon solisyon konsansyèl e dirab, ki ka mennen Ayiti sou wout estabilite, jistis, pwogrè… Yon lòt kote, yo mande pèp Ayisyen an rete mobilize, nan sousi pou destabilize Ariel Henry ki se yon enkapab sou pouvwa a.

Sérondier LOUISIA, Centre à la UNE.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon ajans an liy ki bay nouvèl nan tout rakwen peyi Dayiti ak rès Mond lan. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841