Vandredi 03 fevriye 2023 a, pwofesè Ayisyen Jean Casimir sòti loreya ak liv li ki gen pou tit “ The Haïtians a Decolonial History».

Ranpòte pri Frantz Fanon pou lane 2023 a, jiri yo te pote opinyon sou travay sosyològ la, yo presize tèks la pale de sa tit la di an. Yon travay syantifik ki solid e ki regade batay pou endepandans peyi Ayiti tankou Seromi Bwakayiman nan lane 1971 ak ansanm lit mondyal ki fèt nan 18èm ak 19èm syèk la. Casimir prezante divès agiman solid, ki jistifye travay la kòm entèlektyèl.

Kilès ki Jean Casimir?

Jean Casimir se yon Ayisyen ki fèt nan lane 1938 nan yon fanmi ki gen 4 pitit, li se dezyèm. Casimir fè etid primè li an Ayiti, an aprè li etidye sosyoloji epi soutni tèz doktora li anba tèm : « La cultura oprimida», ki te pibliye nan lane 1981.

Jean Casimir te okipe plizyè fonksyon nan kominote entènasyonal ak nasyonal tankou: Manb pèsonèl sekretarya Nasyonzini soti lane 1970 pou rive 1985, manb konsèy elektora pwovizwa Ayiti soti lane 1990 pou rive 1991, pou n site sa yo sèlman.

N ap raple, pri loreya Frantz Fanon an ki te òganize anba lòd Asosiyasyon Filozofik Karayib, an kolaborasyon ak Sosyete Filozofik Senegalèz la, ap òganize yon gwo konferans sòti 1e pou rive 05 avril 2023 a, nan inivèsite «Îles vierges St Croix» anba tèm sila: “Shifting the Geography of reason” ki tradui an kreyòl (Chanje Gewografi a rezon).

Joseph Samuel GUILLAUME, Centre à la UNE.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon ajans an liy ki bay nouvèl nan tout rakwen peyi Dayiti ak rès Mond lan. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841