Yon avyon militè kanadyen (CP-130), ki gen rada ladan l ( sa ki pèmèt li vole wo epi katografye divès kote fyèf gang yo loje), siyone kèk zòn an Ayiti samdi 04 fevriye 2023 a. Sébastien Carrière ki se Anbasadè peyi Kanada an Ayiti, fè konnen se yon pa anplis nan bourad Kanada ap bay pou rezoud kriz Ayiti a.

Anbasadè Sébastien ki t ap pale de patwouy la fè konnen « CP-140 Aurora » a se yon avyon patwouy a lon tèm, ki gen yon seri vòl enpresyonan ak yon seri detèktè avanse ki konbine pou fè li yon platfòm siveyans trè efikas.

Li kontinye pou di siveyans sa a se yon lòt etap nan repons Kanada, pou mete yon fren nan kriz Ayisyèn nan, ki chita sou kat pwen byen defini: dyalòg politik enklizif, sanksyon, èd imanitè ak asistans sekirite.

Anbasadè a fini pou fè konnen pou sekirite operasyon an ak manm ekip Kanada a ki reprezante pa « ARC_RCAF », ki deja deplwaye, li p ap fè plis kòmantè sou misyon sa a, ki fèt an kolaborasyon e ak akò Gouvènman Ayiti a.

Poutan, swa dizan menm gouvènman peyi Ayiti sa a anbasadè a di k ap travay an kolaborasyon ak li a, pa t fè okonn anons pou aktivite a, pi mal, aprè pase 7 tè òlòj depi misyon sila kòmanse nan espas Ayiti a, ni Premye Minis peyi a, mouche Ariel Henry, ni Primati, ni Ministè Kominikasyon, youn pa di anyen sou avyon sila ki t ap opere nan espas Ayiti.

Rive anvyon sila mete anpil kontriksyon ant popilasyon Ayisyèn nan. Pou yon premye gwoup, se yon mank respè pou souverènte Ayiti ak tout pèp Ayisyen an, puiske sitwayen yo pa konn anyen de avyon sila yo jis wè k ap siyale nan espas la. Pou yon lòt gwoup, se yon trè bon pa bò kote Kanada, ki moutre li vle ede Ayiti tout bon vre. Gen yon dènye gwoup, kòm dabitid, ki pran 2 je y ap gade, san kòmante pou osnon kont.

An pasan, divès Sitwayen-Ayisyen ki sanse pa manje manje bliye, pwofite de menm moman sila pou mande anbasadè Kanadyen an an Ayiti, Sébastien Carrière, finalman, jis kilè rès blende yo ap antre an Ayiti, pou vini ede PNH la goumen ak bandi san fwa ni lwa yo k ap fin teyorize popilasyon Ayisyèn nan, kote pèsòn pa epaye ?

Sérondier LOUISIA, Centre à la UNE.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841