PNH ofri 10 000 000 goud pou nenpòt sitwayen ki kapab ede yo arete Vitel’homme

Nan yon avi rechèch yo mete dèyè bandi yo rele Vitel’homme nan, Lapolis Nasyonal peyi Ayiti anonse dimanch 05 fevriye 2023 a, yo dispoze 10 milyon goud pou nenpòt moun ki ka ede yo mete lapat sou malfra a. Nan yon foto yo pibliye, yo bay divès nimewo moun k ap bay enfòmasyon yo kapab rele.

Depase pa nivo ensekirite a ap vale teren an Ayiti: Pèsonn pa epaye anba kout bal bandi yo, Sitwayen Ayisyen an pa ka sikile, Kidnaping nan pa chome, Polisye ap tonbe, chak jou gang yo ap federe davantaj, Polis Nasyonal Ayiti a twouve l nan obligasyon pou li mache pran tout chèf gang ak tout akolit yo, swa nan Pòtoprens oubyen andeyò kapital peyi a, ki pa sispann teyorize popilasyon an.

Nan kapital peyi Ayiti, Pòtoprens, genyen divès gang k ap opere, chak gwoup sa yo genyen yon chèf nan tèt yo. Men kijan malfra yo repati nan yon bon pati nan depatman Lwès la : 400 Mawozo, Kanaran, Izo Vilaj de Dye, Babekyou, Ti-Makak, Ti-Lapli, Vitel’homme… N ap note, yo gen alye nan divès lòt depatman an Ayiti.

Soti 20 jiyè 2021 ki se dat Ariel pran pouvwa a, pou rive 31 janvye 2023 a, bandi yo asasinen 79 polisye. Nan dat 10 janvye 2023, yo tire 3 polisye zòn Kafou Fèy. 20 janvye, nan Petyonvil, mafra yo vide 4 polisye ak divès lòt sitwayen atè. Le 25 janvye gang Savyen nan Latibonit asasinen 6 polisye. Pi lwen, 31 janvye 2023 a gang Ti-Makak yo rache epi boule 1 polisye.

Chèf gang Vitel’homme, pou anpil moun ki vle vin prezidan Ayiti, kraze plat yon sou_komisarya ki te nan zòn Pènye. Aksyon sila pase 28 janvye 2023 a. Kote li sèvi ak gwo ekipman lou, pou brize sou_komisarya a ki t ap desèvi zòn nan. Li fè tout sa, se nan objektif pou l gen plis espas pou li rive mye evolye.

Men prensipal oubyen chèf akizasyon lapolis mete sou do chèf gang Vitel’homme :

  1. Anlèvman ak sekestrasyon (kidnapin) pou lajan
  2. Asasina
  3. Tantativ Asasina
  4. Vyòl
  5. Vòlò ak zam nan men l
  6. Vòlò machin
  7. Vòlò osnon moute sou byen moun pa mwayen fòs li
  8. Detwi byen moun.

Se nan optik sa a lapolis an Ayiti non sèlman mete avi rechèch dèyè chèf gang nan, men yo ofri yon sòm lajan pou nenpòt moun ki ta ka ede yo jwenn enfòmasyon sou li, e rive mete l anba kòd.

Sérondier LOUISIA, Centre à la UNE.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon ajans an liy ki bay nouvèl nan tout rakwen peyi Dayiti ak rès Mond lan. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841