Premye Minis peyi Ayiti a, Ariel Henry, enstale lendi 06 fevriye 2023 a Wo Konsèy Tranzisyon an (HCT) nan Pòtoprens. Ariel fè konnen l ap bay komisè yo tout akonpayman nesesè, ki ka ede yo atenn pi gwo objektif yo: Pasifye tout peyi Ayiti, fè eleksyon nan lane 2023 a epi remèt yon prezidan eli pouvwa a 7 fevriye 2024.

An prezans divès pèsonalite ki sòti nan peyi ak òganizasyon letranje tankou : (OEA, Kanada, Lafrans, Etazini), Responsab Pati Politik ak responsab òganizasyon, Wo Konsèy Tranzisyon an ki gen 3 manm : Madame Mirlande Hyppolite Manigat, Laurent Saint Cyr ak Calixte Fleuridor, rive enstale nan kapital peyi Ayiti a, Pòtoprens, lendi 06 fevriye a.

Yon enstalasyon ki jwenn salitasyon Biwo Entegre Nasyonzini an Ayiti (BINUH), Anbasad Kanada an Ayiti ki reprezante pa Sébastien Carrière, Anbasad peyi Lafrans ak divès lòt sektè nan vi nasyonal la.

Nan kad seremoni sila, Ariel Henry te pale nan mo sa yo :»Nou pral gen pou n travay sou 5 gwo chantye: tabli sekirite epi kwape bandi; kontinye refòm ekonomik yo; pase men nan konstitisyon an; fè bon eleksyon san moun pa, san fòs kote; remèt pouvwa a bay moun ki eli.»

Pi lwen, PM defakto a fè konnen enstalasyon HCT a make kòmansman fen enstitisyon demokratik yo ki pa t ap fonksyone. Li te angaje l pou pèmèt peyi a jwenn yon konsansis nasyonal. Li pwomèt 3 manm HCT yo ap jwenn tout akonpayman nesesè nan men gouvènman an, yo ka konte sou li.

N ap raple, ansyen prezidan Jovenel Moïse te fè chwa de Ariel kòm premye minis, se pou moute yon KEP, fè referandòm, pasifye peyi a epi fè eleksyon pou renouvle pèsonèl politik la.

Sérondier LOUISIA, Centre à la UNE.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon ajans an liy ki bay nouvèl nan tout rakwen peyi Dayiti ak rès Mond lan. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841