Ansyen senatè Desras Simon Dieuseul sove de jistès anba menm gang k ap opere nan Kanaran

Bandi ak zam atake machin ansyen minis anvironman peyi Ayiti, ansyen prezidan Sena Ayisyen an, senatè Desras Simon Dieuseul, nan zòn Kanaran nan Pòtoprens. Sa pase madi maten 07 fevriye 2023 a. Se Ansyen palmantè a ki konfime nouvèl la, e ki fè konnen li pa an danje. N ap raple, sa gen kèk jou depi bandi te atake machin ansyen senatè Joseph Lambert tou.

Nouvèl la te tonbe byen bonè madi 07 fevriye a, kote ansyen senatè Desras konfime pou divès medya, tankou Centre à la UNE ak Miami Herald, li viktim de yon tantativ asasina anba kout bal bandi nan Kanaran. Men, gras ak vijilans chofè li, yo rive sove de jistès.

Kontrèman ak divès fo rimè ki t ap kouri sou rezo yo, mouche Desras konfime li anfòm, apa de kèk vit machin nan ki teke sou kò l ak chofè ki t ap kondi a ki blese. Li pwofite fè konnen tou, evenman an pa t pase Fèmat oubyen Fò Jak jan anpil medya te di sa, men se gang Kanaran yo ki t ap asasinen l.

N ap raple, ansyen palmantè a pa premye ki sibi tantativ asasina sila. Mwens pase yon jou avan 2èm lendi mwa janvye, ki se dat pou 1/3 sena Ayisyen an te ale, ansyen senatè Joseph Lambert te sove de jistès anba kout bal nan Pòtoprens, zòn Bisantnè. Evènman sila te pase dimanch 8 janvye 2023 a. Nan tantativ kidnaping sila ki ta zèv chèf gang Vilaj de Dye a, yon sekirite Lambert te rann dènye souf li.

Kèk tan pita, Ayiti ta pral aprann nan bouch chwal gran chemen, aprè li te fin sove de jistès anba yon tantativ kidnaping dimanch, ansyen senatè Joseph Lambert twouve li sou kabann lopital nan peyi Kiba mèkredi 11 janvye 2023 a, nan sousi pou evite pèdi yon grenn je li.

Pou anpil moun nan popilasyon an jodi a, Ayiti sanble tou bliye si peyi Kanada ak Lèzetazini te mete sanksyon sou ansyen senatè Joseph Lambert kòm moun ki nan finanse gang, dwòg dilè… Moun sa yo kwè se p ap diferan pou senatè Desras, nan jou k ap vini yo, menm jan peyi a tou bliye Lambert a, y ap bliye sa ki rive senatè Desras a tou.

Sitwayen yo ki pa sispann di sa yo panse sou atak bandi yo sou tout kouch moun nan peyi a, sitou ansyen chèf yo, fè konnen anpil nan bandi sa yo, se pwodui menm ansyen chèf sa yo, ki jodi a, ap viktim de politik Makyavelik, tèt anba, chen manje chen, yo pa sispann pratike lè yo nan palman, primati osnon menm o nivo palè nasyonal.

Sérondier LOUISIA, Centre à la UNE.

By Sérondier Louisia

Sérondier LOUISIA se yon Ayisyen otantik, yon Inivèsitè ki fè Syans Edikasyon ak Lekòl Nòmal Siperyè, ki etidye Filozofi ak Lèt. Li se Anseyan, Sansè, Jounalis, Chèchè, Enfòmatisyen...