Prezidan ONG Ijans Panafricanis Kemi Seba anonse pou 24 fevriye sòti nouvo liv li a ki titre: «Philosophie de la Panafricanité Fondamentale». Liv sa a li di ki pi enpòtan nan lavi l, pran 5 lane pou l ekri. Liv la 100% teyorik, li bay yon oryantasyon sou kisa Panafrikanis 21èm syèk la ye. Kemi anonse sa lendi 06 fevriye 2023 a.

Divès jenn fanm kou gason ki sòti nan diferan peyi nan kontinan Afriken an, pran desizyon pou pratike yon lòt modèl politik, ki vize valorize souvrènte ak endepandans tout kontinan Afrik la, ki twouve li anba men divès peyi entènasyonal, ki genyen Lafrans nan tèt lis la. Pami jèn sa yo, nou ka site Nathalie Yamb ak Kemi Seba, ki se 2 nan pi gwo enfliyansè depi kèk lane e ankò an 2023.

Atravè rezo sosyal yo, yo bay anpil konferans ki baze sou revolisyon nan lespri ak nan aksyon, yo chache relasyon diplomatik ak lòt peyi tankou Larisi, jèn sa yo fè de yo de gran aktivis. Yo lanse anpil mouvman, anpil ribrik, anpil eslogan kont peyi opresè yo, sitou Lafrans, ki, pou yo menm se veritab responsab sou-devlopman kontinan an.

Se nan optik sa a, otorite peyi Lafrans yo te entèdi aktivis Kamewounèz Natalie Yamb antre sou teritwa Fransè a. Sou baz yon arete ki te pran 12 janvye 2022 a, Lafrans deklare «persona non grata» ak madam Yamb, paske l ap travay pou Larisi, nan bay manti sou Lafrans. Se sa RFI te anonse dimanch 16 oktòb 2022.

Kemi Seba ki se youn nan figi anblematik nan sa ki gen pou wè Panafrikanis XXIe syèk la, pa janm sispann kritike ouvètman gouvènman fransè yo, aktyèlman an 2023 ki gen kòm prezidan Emmanuel Macron, paske pou li, se ansanm akò ki lye Lafrik ak Lafrans yo ki bloke devlopman tout kontinan an, pa mwayen sistèm newokolonyalis la. Ènmi fawouch Loksidan an rete kwè yon jou tankou jodi a, yo gen pou yo venk Lafrans an Afrik. Li kwè tou Lafrans ak rès oksidantal yo ap fini pa konprann yon jou.

Trete divès prezidan Afriken kòm «maryonèt» Macron, Kemi pa janm sispann kritike delibereman divès chèf leta Afriken ki konstitiye tèt yo kòm «tchoul» peyi enperyalis yo, an patikilye Lafrans, nou ka site : Patrice Talon, Dramane Ouatarra, Macky Sall, popol Biya, Sassou ,Umaro Le BALLOT , Moha Bazoum, Sassou Nguesso, Ali Bongo, Faure Gnassingbe.

Paralèlman, li pa janm sispann voye anpil enèji, ankourajman ak felisitasyon bay ansanm chèf leta Afriken yo, tankou kolonèl Assimi Goita, ki kwè yo menm tou, Lafrans gen yon sèl objektif pou Lafrik, se kontinye piye richès kontinan epi mete enstabilite politik nan tout eta yo.

Pou sove Lafrik anba men Loksidan, Kemi Seba vwayaje nan divès peyi ak rejyon, nan sousi pou kontinye pwopaje mesaj libète a. Se ka Peyi Ayiti, Larisi, li fè Anti yo nan Amerik la, li ale Gwadloup, Matinik, li fè an Ewòp, Azi…

Se sou menm liy sa a, pou kontinye lite kont enpozisyon newokolonyalis la an Afrik, kemy anonse piblikasyon nouvo liv li a, ki gen pou tit : «Philosophie de la panafricanité fondamentale». Nan liv sa a, li moutre relasyon ki lye konsyans jeneral tout moun NWA, li pale tou de metafizik, listwa, gewopolitik. Pi lwen, li prezante eka ki genyen ant tradisyonalis ak pwogresis.

Kemi Seba ki gen vrè non li Stellio Gilles Robert Capo Chichi, se yon militan fransè-beninwa, ki fèt nan dat 9 desanm 1981 an Frans. Li se moun ki inisye mouvman ki rele Anti-Kolonyalis Fransè an Afrik (Anti-CFA), li se yon ekriven-esyeyis epi Direktè jeneral medya Afrik Rezireksyon (AR), se li ki fonde Tribi Ka. Li fòme nan filozofi politik ant lane 2011 ak 2015.

Li se youn nan lidè opinyon ki plis enfliyan nan mond moun nwa ki pale fransè yo nan XXIe syèk la. Eli pèsonalite politik Afrikèn nan lane 2017, loreya «MJA Intellect» nan menm ane a. Li resevwa plizyè pri ak plak donè, li ekri divès liv : Obscure époque, l’Afrique libre ou la mort… Epi dènye liv li a se Philosophie de la Panafricanité Fondamentale.

Sérondier LOUISIA, Centre à la UNE.

By Sérondier Louisia

Sérondier LOUISIA se yon Ayisyen otantik, yon Inivèsitè ki fè Syans Edikasyon ak Lekòl Nòmal Siperyè, ki etidye Filozofi ak Lèt. Li se Anseyan, Sansè, Jounalis, Chèchè, Enfòmatisyen...