Nan yon operasyon Lapolis nan vil Mibalè fè madi 14 fevriye 2023 a, yo fè konnen yo sezi yon pistolè epi yo fè 4 arestasyon: Dominique Marc, Esthinphilj Louverture, Wilfrid Saint-Vil ak Jeanty Debouquet. Tout prezime sa yo nan prizon ap tann pouswit jidisyè ka yo merite.

Lapolis nan vil Mibalè fè konnen nan yon entèvansyon sa a yo fè madi 14 fevriye 2023 a, yo rive arete 4 endividi ki te gen zam mak toris kalib 40 nimewo SDT 04844. Ajan Polis Nasyonal Ayiti yo fè konnen nan batay y ap mennen pou tabli sekirite nan peyi a, DG PNH la, Frantz Elbé lanse yon operasyon ki pote non Tònad e ki gen plizyè faz.

Non 4 endividi sa yo se:
1- Dominique Marc, ki se yon prèt vodou li se moun Kòniyon
2- Esthinphilij Louverture, li se moun Kòniyon
3- Wilfrid Saint-Vil, moun kòniyon
4- Jeanty Debouquet, li menm ki se moun Laskawobas. Moun sa yo nan komisarya Mibalè ap tann pouswit jidisyè.

N ap raple, Lapolis nan Laskawobas, toujou nan depatman Sant, te fè yon lòt entèvansyon 12 fevriye a sou bandi ak zam, kote 4 bandi te mòtèlman blese. Kesyon sitwayen yo pa sispann poze, se èske sa ta vle di Plato Santral se ta nouvo zòn bandi yo sible pou kontinye mete latwoublay ? Pi lwen, popilasyon an ki fristre, pa sispann mande èd lapolis fas ak moute an puisans gang sa yo nan depatman Sant peyi a.

Joseph Samuel GUILLAUME, Centre à la UNE.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841