Peyi Kanada, pou yon lòt fwa atravè Premye Minis Justin Trudeau, pran angajman jedi 16 fevriye 2023 a pou sipòte Ayiti. Fas pou fas M. Trudeau pwomèt Ariel Henry Kanada ap kontinye la pou Ayisyen yo nan voye èd, enpoze sanksyon ak travay ansanm pou rezoud kriz politik, sekirite ak imanitè peyi a ap travèse a.

Aprè yon dividal lòt pwomès Kanada te deja fè Ayiti, PM Justin Trudeau fè konnen pou yon lòt fwa, Ayiti kapab konte sou èd yo fas ak kriz k ap wonje bil popilasyon an. Li deklare sa 16 fevriye 2023 a nan kad yon rankont ak divès tokay li, tankou PM Jamayik la, Andrew Holness ak PM Babad la Mia Mottley.

Nan kad 44e reyinyon konferans chèf gouvènman kominote Karayib yo (CARICOM) ki fèt nan Baamas 15 ak 16 fevriye 2023 a, sitiyasyon Ayiti a se te youn nan figi pami divès sijè ki te sou tab la.

Sérondier LOUISIA, Centre à la UNE.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841