Ti Kana 15 lane, Saint-Luc André Goubothe 21 lane se 2 jèn gason Lapolis Mibalè blese mòtèlman zòn Boye. Sa pase mèkredi 15 fevriye 2023 a. PNH fè konnen nan kad menm operasyon an, yo arete Pierre Henry Camille, Saint-Val Eliphete epi yo sezi yon zam atizana. Poutan, pwòch viktim yo fè konnen ti jèn yo pa bandi, se abi PNH fè lè ajan yo tire 2 jèn gason yo.

Pastè Josué Octéus ki se pwopriyetè fabrik blòk kote aksyon an pase a pale ak laprès pou fè konnen genyen anviwon 3 jou genyen yon jèn gason ki di li rele kòmandan Pilat, ki mande l pou fabrik la fonksyone nan zòn nan, fòk li jere l (ba li lajan). Pastè Josué rapòte li te reponn jenn gason an ki di l li rele Pilat la, pa gen pwoblèm pou li ba li lajan an, men fòk li vini travay.

Jèn gason an di l li genyen plizyè lòt jèn gason ki ak li fòk li ba yo mwayen, paske se sosyal y ap fè nan zòn nan. Pastè a deklare li di l li mèt fè tout vin travay. Kòmandan Pilat reponn li pou l di l : èske l konnen nèg ak zam konn manyen bagay sal? Epi li montre pastè a yon zam ki sou li.

Nan kad yon operasyon Lapolis nan Mibalè t ap mennen mèkredi 15 fevriye a, 2 jenn gason rive tonbe.

Pi lwen, pwòch 2 jèn gason ki mouri yo ak kèk manb nan popilasyon an ki te an kolè, fè konnen: » 2 jèn ki mouri yo se moun zòn nan, yo pa nan okenn aktivite gang, ki donk yo se 2 viktim.» An konsekans, yo rive mete dife nan biznis pastè a epi paralize sikilasyon an pou pwoteste kont lanmò 2 jèn gason yo moun zòn nan di lapolis touye pou gran mèsi.

N ap raple, Lapolis nan Depatman Sant fè konnen yo sèmante 7 fwa 77 fwa yo p ap kite okenn gang vini enstale yo nan depatman an. Nan menm semèn sa a, Lapolis te blese motèlman 4 prezime bandi nan echanj kout bal nan komin Laskawobas.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon ajans an liy ki bay nouvèl nan tout rakwen peyi Dayiti ak rès Mond lan. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841