Komisè Gouvènman Senmak la nan depatman Latibonit, Mèt Venson François lanse yon manda chache mennen vini kont majistra Komin Lyankou a, Ducarmel Mercy.

Manda sila ki date 16 fevriye 2023, reproche Majistra a pou asosiyasyon malfektè ak konplisite li ak gang Savyen an.

Aprè asasina 6 polisye yo nan Latibonit, Chèf gang Savyen an Luckson Belan te denonse operasyon lapolis te mennen nan baz li a, kote li te fè konnen si l ap bay Majistra a lajan pou bay polis yo manje, li pa konprann kisa ki fè se menm polisye sa yo ki ap atake li.

Majistra Ducarmel bò kote pal te voye jete byen lwen akizasyon sa kote li te fè konnen se zanmi nan dyaspora a ki se pitit Komin nan ki konn voye ti kòb pou li pou bay polisye yo manje.

Nan dènye tan sa yo non anpil ansyen otorite Ayiti ak aktyèl otorite site kòm moun ki nan tete lang ak gang.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841