Lapolis Ayiti anonse yo blese mòtèlman yon prezime bandi anpil moun konnen sou non » Blaze One» nan zòn Sainte-Philomène, Okap Ayisyen nan depatman Nò Dimanch 19 fevriye 2023 a.

Lapolis fè konnnen nan moman operasyon an yo rive sezi yon zam kalib 38.

Fòs lòd yo kontinye pou di Wilson Jean 23 lane ki se chèf gang nan plis Tipòtoprens ak divès lòt manb gang nan gentan kouri chape poul yo.

N ap siyale lapolis reproche gang saa de asasina, vòlè ak asosiyasyon malfektè. Yo presize tou yo mennen operasyon an aprè yo te fin genyen enfòmasyon gang nan t ap òganize yon reyinyon nan Sainte Philomène.

By Sadrax Ulysse

Sadrax ULYSSE diplomé en communication journalisme et en sciences du développement. Certifié par: Université laval Canada en développement durable et Université Shangor. Certifié en journalisme par: UNESCO, OIF, Ruters insititut....