Lapolis nan Mibalè pepatman Sant Ayiti arete Dartaillant Dimitrie pou eskokri, ki fèt 24 avril 2003 nan komin Akayè. Lapolis nan Mibalè fè konnen yo arete l lendi 13 fevriye 2023 a sou plent plis pase yon dizèn moun pou eskwokri. Dimitrie pran pou pipiti $965 ak $1000 dola Ayisyen nan men chak moun epi li ba yo yon ti kat sou non yon pwojè li di ki kwafe pa «Food for the poor», nan sousi pou fè kay pou yo epi li pa janm rive kòmanse kay li te pwomèt moun yo.

Selon sa plizyè pleyan ki viktim anba men Dimitrie ki soti nan zòn labasti Mibalè rakonte Centre à la UNE, Dimitrie te pase lakay yo pran enfòmasyon sou yo epi fè yo ba li anviwon 1000 dola Ayisyen pou ba yo ti kat kalifikasyon pou pwogram nan li di k ap konstwi kay pou benefisyè yo, poutan li pa janm bay kay yo. Li vyole konfyans yo.

Selon enfòmasyon jounal la jwenn, nan ti kat Dimitri bay moun yo, li genyen yon antèt ki ekri: «food for the poor» ak nimewo telefòn sa a: +509 3226-7624, ak adrès sa ki se Ench, ri Saint-Nicolas. Men ansanm kondisyon sa yo Dimitrie egzije manb yo :

1- Ou pa dwe sal kat ki nan men w nan.

2- Fòk moun ki vle genyen kay la bay pyès tè l.

3- Fòk se moun nan ki dwe fouye fondasyon an.

4- Fòk se moun nan ki pou bay dlo ak manje lè travay yo ap fèt.

5- Si kat la pèdi, moun nan p ap ka genyen kle kay la.

6- Si kat la pèdi, moun nan ap ka rele nan 3326 7624 ak kondisyon l ap peye 10 000 goud pou l rejwenn kat la.

Dimitrie ki t ap pale ak Centre à la UNE di se pou Wilkentz l ap travay, san li pa vle presize siyati Wilkentz la. Li kontinye pou li di biwo a se Ench li ye.

Papa Dimitrie Dartaillant ki se Pierre Joseph Ducarmel Dartaillant, ki se anplwaye DGI santral ki t ap pale ak jounal la ak dlo nan je, fè konnen li fè tout sa li te dwe fè kòm papa pou l te sove pitit li a, men manman Dimitrie ak grann li ki dolote l epi ki mete l nan sa l ye a.
Dartaillant Pierre Joseph Ducarmel kwè se anbisyon ak foli li genyen, pou se li ki #1 fanmi an ki fè Dimitrie rantre nan move zafè. Li esplike Dimitrie pa fini lekòl, li rive nan 9e AF akoz li pa t sou lekòl.

N ap note, se pa premye fwa koze zafè kay sa a ap pale nan plizyè komin Depatman Sant. Pa egzanp nan seksyon wo Sarazen, gen moun ki bay 10 mil dola epi yo egzije yo fouye fondasyon kay mete atè anyen pa pa janm fèt.

Exil Zacharie e Marcial Joseph, Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon ajans an liy ki bay nouvèl nan tout rakwen peyi Dayiti ak rès Mond lan. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841