Nan lide pou valorize travay sektè evanjelik la, lig yo ap fè nan depatman Latibonit, Federasyon Pwotestant Ayiti (FPH) mete sou pye yon kòdinasyon depatmantal, aprè yo te fin reyalize yon gwo atelye travay samedi 11 fevriye 2023 nan vil Gonayiv.

Pastè Jonathan JOSEPH ki se Sekretè egzekitif Federasyon an fè konnen komisyon Depatmantal sa pral travay pou vann Politik Federasyon an o nivo 17 komin Depatman Latibonit yo. Pi lwen, li deklare yo mete sou pye
Kòdinasyon pwovizwa sa a, se paske yo konstate tout bagay rete sèlman nan kapital peyi a.

Li fè konnen nan 5 manm ki monte nan tèt kòdinasyon depatmantal la, genyen 2 moun soti Gonayiv, youn soti nan komin Sen-Michèl, yon lòt nan komin Sen-Mak epi yon dènye nan komin Gwomòn, ki gen pou Misyon travay pou mete kanpe yon komite Depatmantal definitif.

Li kontinye pou di yo deja mete kòdinasyon sa a nan divès depatman epi l ap kontinye fèt nan kèk lòt depatman. Atant yo se rive apwoche pi prè bò kote moun yo. Avèk kòdinasyon sa a, y ap kapab kolabore pi byen ak yo lòske yo pa ka deplase pou ale Potoprens, yon fason pou yo kapab leve nivo levanjil la nan depatman an ki, selon li menm, bezwen yon nouvèl Ayiti.

Puiske yo p ap aksepte jan depatman an ye la, se pou sa li mande ak tout depatman an Ayiti pou fè yon sèl, nan sousi pou yo kapab rive sove peyi a ki pase twòp tan anba soufrans, kote pèp Ayisyen an pa sispann viv tout kalte mizè je klè.

Sou bò pa l, Pastè Fritzner Jean-Baptiste ki se nouvo kòdonatè Depatmantal kòdinasyon an nan Latibonit, felisite epi remèsye tout lidè ak manm legliz yo ki te vin patisipe nan gwo rankont sila. Mèt Fritzner Jean-Baptiste deklare li rive nan tèt kòdinasyon depatmantal sa se gras ak fwi travay li nan sektè evanjelik la nan depatman. Li pwomèt l ap vann Politik Federasyon an nan tèt kole ak tout lòt manm yo nan depatman an.

Pwofesè Cily Lefort ki se fòmatè konsèy Nasyonal Sosyete silvil Ayisyèn (CNSCA), ki te prezan nan atelye a, felisite responsab yo nan sektè pwotestan an ki pran bèl inisyativ sa pou reyalize atelye travay sa. Mèt Lefort fè konnen atravè atelye a, li pa dakò lòske y ap pale de amnisti pou moun ki fè krim yo, men yo dwe travay pou ranfòse sistèm jistis la pou moun ki fè zak yo kapab reponn avèk yo, paske bandi san fwa ni lwa sa yo vle achte peyi a lajan kontan nan komèt gwo zak kriminèl sou popilasyon an.

Fòmatè CNSCA a swete lòt sektè yo fè menmjan ak responsab Federasyon Pwotestant Ayiti (FPH) yo, nan òganize bon jan atelye ki nan enterè popilasyon an, pandan l di l ap prezan tout kote jan de atelye sa yo ap fèt, nan kèlkeswa komin o nivo Depatman Latibonit la, yon fason pou li kapab fè revandikasyon li yo pase, paske nan eta kritik peyi a twouve l la, pèp la prèske pa gen ren pou kenbe ankò.

N ap souliye, yon gwoup pastè te pran desizyon kite sal la, lakòz majorite nan asanble a te pran desizyon chwazi 5 manm pou kòdinasyon pwovizwa, olye yo reyalize eleksyon pou yo. Rezon an, yo te vle se nan eleksyon pou moun sa yo te eli.

Atelye travay sa te òganize an prezans Maxo JOSEPH, anbasadè sant kretyen pou lavi Piblik ak karayib la. Divès lòt reprezantan òganizasyon de baz, manm sosyete sivil, plizyè santèn pastè ak kretyen ki te soti nan 17 komin Depatman Latibonit la te prezan nan kad aktivite sila.

Israël CEDIEU, Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon ajans an liy ki bay nouvèl nan tout rakwen peyi Dayiti ak rès Mond lan. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841