Alexis Mario, Sergot bosquet, Carline David ak Olivier se non 4 prezime bandi sa yo ki blese mòtèlman nan yon operasyon komisè polis Laskawobas la Mathias Jean David mennen nan tèt kole ak UDMO Mibalè nan zòn Lakolin, komin Laskawobas, Depatman Sant Ayiti , nan sware dimanche 12 pou louvri lendi 13 fevriye 2023 a.

Lapolis rive sezi yon zam M-4, yon 9mm ki gen mak Runger, seri 318 31018 ak yon machin Lexus koulè nwa, ki gen plak AA 20804, selon sa jij Depè Drixnel Telemarque ki te fè konsta legal yo rapòte a «Centre à la UNE».

Selon yon sous pwòch jounal la, majorite prezime bandi ki mouri yo se ta moun seksyon Sarazen komin Mibalè. PNH atake yo pandan yo te nan yon program Lakolin. Pi lwen, yon lòt sous jidisyè fè jounal la konnen se yon chèf gang prezime bandi yo te vin enstale nan komin Laskawobas, e yo te deja gen plizyè jou ap siyale espas la.

Fòs lòd yo te kontinye operasyon an pou al fouye kay prezime bandi ki mouri a ki rele Mario Alexis, ki nan seksyon sarazen komin Mibalè, ki ta genyen koneksyon ak plizyè gang nan rejwon metropolitèn Pòtoprens lan sitou Kanaran. PNH pa t rive jwenn zam nan kay la. Yo te tou ale fouye kay yon Ougan nan menm zòn Sarazen an anpil moun konnen ki rele Kòk, ki se pwopriyetè machin bandi yo te sou li a. Fòs lòd yo pa t rive jwenn li nan kay la, yo boule wonfò a rapye tè.

Toujou nan kad operasyon sila, yon timoun 17 lane ki rele Altagras Jean-Baptiste, soti blese ap pran swen sou kaban lopital.

N ap raple, ougan sa a ki rele Kòk la te akize deja, paske yo te jwenn yon tèt mò lakay li, moun sa a te rele (Timizè) kote ougan Kòk te defann li, pou fè konnen se vann yo te pote tèt mò a vann li.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon ajans an liy ki bay nouvèl nan tout rakwen peyi Dayiti ak rès Mond lan. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841