Aprè 5 jou enstalasyon 3 Manm konsèy tranzisyon yo andedan peyi a, manm kowalisyon òganizasyon Latibonit Nò ak Nòdwès ki fè pati Platfòm branche-47 rankontre ak laprès samedi 11 Fevriye 2023 a, nan objektif pou salye enstalasyon manm HCT yo etou mande pòs Minis jistis pou Mèt Raynold Georges nan remaniman ministeryèl ki pral fèt yo.

Madam Fedeline saint Luc JOSEPH kise Pòt pawòl Platfòm Branche-47 ki reprezante Fanm yo pwofite okazyon sila pou fè apèl ak tout òganizasyon politik yo ak sosyete silvil la pou vin ranfòse Akò 21 Desanm nan ki selon li menm kapab pèmèt popilasyon an sòti nan divès kriz y ap konnen depi plizyè lane tankou ensekirite, kidnaping grangou, mizè ak chomaj elatriye. Fedeline saint Luc JOSEPH deklare lè yo konsidere zak kidnaping, vyòl ak polisye k ap tonbe pa pil e pa pakèt anba men bandi malfwa yo nan komin Lyankou, vilaj de Dye, matisan, Lakwa Peris rantre sid vil Gonayiv, tibwadòm nan gwomòn, Kwadèboukè ak kanaran kote se nan mizè pou moun vwayaje ki lakoz jounen Jodi a se pa Sen rafayèl moun yo pase pou yo kapab rantre potopwens akoz bandi fè yo paka frekante wout yo ki lakoz jounen Jodi a moun Gonayiv ap bezwen prèske 5 000 goud epi moun Podepè prèske 7 500 goud.

Pilwen, reprezantan fanm yo nan platfòm Branche-47 fè konnen lè yo gade lapolis la ki pèdi konfyans nan CSPN nan ebyen fas ak tout konsiderasyon sa yo òganizasyon Nòdwès, Nò ki fè pati òganizasyon Branch-47 mande manm HCT yo ak Premye Minis Ariel Henri pou fè chwa yon moun ki gen konpetans ak konesans nan kesyon sekirite pou mete nan tèt ministè enteryè ak lajistis pou konbat ensekirite ki lye ak kidnaping nan andedan peyi a.

2) mande Manm HCT yo ak chèf Primati a Doktè Ariel Henri pou fè chwa Mèt Renorld Georges nan tèt minis enteryè oubyen lajistis yo estime ki chaje ak konpetans e ki gen kapasite ak volonte pou sèvi peyil kòm yon nonm de lwa ki gen fòmasyon militè e ki kapab pale ak tout sektè ki pa nan konivans ak bandi.

Pòt vwa Platfòm branche-47 la Madam Fedeline fini pou mande ak manm HCT yo e tout sektè kite siyen akò 21 Desanm nan, tout fòs viv Nasyon an ak Premye Minis Ariel Henry pou yo aji vit pou retire peyi a nan sal ye a paske popilasyon vle rale Yon souf, yo paka sipòte ankò .

Sou bò pal, Delege Paulvera Elvariste fè konnen, li kwè nan prezidant HCT a kise Madam Ypolite Manigat li di ki gen anpil kapasite ak devouman pou pòs sa andedan komisyon sa. M Elvariste pale de Mèt Renorld Georges kel tande pale anpil de li ki vle yon lòt peyi kise Moun tout Moun. selon li menm kapab etabli lapè nan peyi a si li ta jwenn tèt ministè lajistis la pou dirije. Militan Politik la swete manm HCT yo fè chwa moun ki onèt, entèg pou mete nan konsèy elektoral pwovizwa a pou yon fason pou yon bon eleksyon ka reyalize andedan peyi Ayiti kise sèl mwayen ki kapab pèmèt pèp ayisyen an ki pa konnen ak ki sen pou yo adrese yo rive Rale yon souf.

Nap siyale, Depi lè akò sa adopte andedan peyi a mwa Desanm 2022 pase a pa kèk pati Politik, anpil sektè enfliyan nan kesyon politik peyi a montre dezakò yo ak li akoz li pa respekte nòm ak prensip jan pou l te monte a men sa pa anpeche Premye Minis Defakto Ariel Henry ak tout akolit li yo rive franchi pou enstale 3 Manm konsèy Tranzisyon ayisyen an. Antouka anpil zye fikse sou HCT sa nan kad Misyon yo di yo genyen pou mete peyi a sou ray li nan fen lane 2023.

Israël CEDIEU, Centre a la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon ajans an liy ki bay nouvèl nan tout rakwen peyi Dayiti ak rès Mond lan. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841